Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 7:2 - 1998 Haïtienne

2 Wa a pale ak pwofèt Natan, li di l konsa: — Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sèd, men Bwat Kontra Senyè a se anba yon kay twal li ye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 ke wa a te vin di a Nathan, pwofèt la: “Gade koulye a, Mwen menm rete nan yon kay ki fèt ak bwa sèd; men lach Bondye a rete anndan yon tant ki fèt ak rido.”

参见章节 复制




2 Samyèl 7:2
24 交叉引用  

Ouri reponn David: — Sòlda Izrayèl yo ak sòlda Jida yo byen lwen ap fè lagè, Bwat Kontra Senyè a ansanm ak yo. Kòmandan Joab ak lòt chèf lame monwa yo ap pase nwit deyò nan plenn yo. Ki jan ou vle pou mal lakay mwen, manje, bwè, kouche ak madanm mwen? Mwen fè sèman sou tèt ou, menm jan ou vivan an, m pa ka janm fè bagay konsa.


Senyè a voye pwofèt Natan kote David. Natan ale kote li, li di li: — Vwala te gen de nèg ki t'ap viv nan yon vil. Yonn te rich, yonn te pòv.


Se konsa, Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs chapant ak bòs mason ki bati yon palè pou David.


Yo pote Bwat Kontra Senyè a, yo mete l nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, David ofri bèt pou boule nèt pou Senyè a ak ofrann pou di Bondye mèsi.


Natan rakonte David tou sa Bondye te fè l konnen nan vizyon an.


Batcheba pat ankò fin pale ak wa a lè pwofèt Natan rive nan palè a.


Men Zadòk, prèt la, Benaja, pitit gason Jeojada a, pwofèt Natan, Chimeyi, Reyi ak vanyan sòlda David yo pa te patizan Adonija.


Azarya, pitit gason Natan, te chèf tout gouvènè yo. Zaboud, pitit gason Natan, prèt la, te konseye pèsonnèl wa a.


David, papa m, te fè lide bati yon tanp pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la.


Iram, wa lavil Tir la, delege kèk mesaje bò kote David ak yon chajman bwa sèd. Li voye tou kèk bòs mason ak bòs chapant pou bati yon palè pou li.


Yo pote Bwat Kontra Senyè a, yo mete l nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, yo ofri bèt pou boule nèt pou Bondye, ak ofrann pou di Bondye mèsi.


Li di l konsa: — Pitit mwen, mwen te fè lide bati yon tanp pou Senyè a, Bondye mwen an.


Se nan liv istwa pwofèt Samyèl, liv istwa pwofèt Natan ak liv istwa pwofèt Gad nou jwenn istwa tou sa David te fè depi nan konmansman jouk li mouri.


Men, David te fè yo pran Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jearim pou yo pote l moute lavil Jerizalèm. Depi lè sa a, li te anba yon tant wa David te fè pou li.


Wa Ezekyas mete moun Levi nan Tanp Senyè a avèk senbal, bandjo ak gita, dapre regleman David, Gad, pwofèt wa a ansanm ak pwofèt Natan te bay, paske tout lòd Senyè a vle bay, se nan bouch pwofèt li yo li toujou mete yo.


Tout rès istwa Salomon an, depi premye jou li te moute wa a rive jouk dènye jwa a, nou jwenn li nan liv istwa pwofèt Natan, nan liv mesay Akija, moun lavil Silo a, ak nan liv vizyon pwofèt Ido ki pale sou wa Jewoboram, pitit Nebat la.


Senyè, chonje sèman li te fè ou, pwomès li te fè ou, ou menm Bondye Jakòb la ki gen fòs, lè l te di:


toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Senyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen fòs ka rete.


Apre sa, li pote Bwat Kontra a andedan kay la, epi li moute rido yo. Se konsa, li kache Bwat Kontra a, jan Senyè a te ba li lòd la.


Ki jan nou fè pa wont rete nan gwo kay nou byen alèz, epi nou kite kay Bondye a tou kraze?


Disip li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen.


David te jwenn favè Bondye, li te mande l pèmisyon pou l te fè yon kay pou Bondye Jakòb la.


跟着我们:

广告


广告