2 Samyèl 5:9 - 1998 Haïtienne9 Apre sa, David al rete nan gwo fò a, li rele l lavil David la. Lèfini, li bati lòt kay fè wonn fò a, depi sou teras la rive bò palè a. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen9 Konsa, David te rete nan fò a e li te rele li “Vil David la”. Epi David te bati toutotou soti nan sitadèl Milo a jis rive anndan. 参见章节 |
Se Chaloum, pitit gason Koloze a, gouvènè lavil Mispa a, ki te rebati Pòtay Fontenn lan. Li mete yon twati sou li, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la. Li refè miray ki sòti bò letan Chela a tou, toupre jaden wa a, rive jouk bò macheskalye ki desann sòti nan lavil David la.