Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 5:3 - 1998 Haïtienne

3 Se konsa tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l devan Senyè a. Yo fè seremoni, yo mete l wa sou pèp Izrayèl la tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, tout ansyen Israël yo te vin kote wa a Hébron e Wa David te fè yon akò avèk yo devan SENYÈ a Hébron. Epi yo te onksyone David wa sou Israël.

参见章节 复制




2 Samyèl 5:3
16 交叉引用  

Apre sa, moun Jida yo rive lavil Ebwon, yo fè sèvis pou konsakre David wa peyi Jida. David vin pran nouvèl se moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, ki te antere Sayil.


Kounyeya, pran kouray! Mete gason nou nou! Sayil, mèt nou an, mouri. Se mwen menm moun Jida yo mete apa pou wa yo.


Abnè di David konsa: — Monwa, mwen prale kounyeya, mwen pral sanble tout moun pèp Izrayèl yo bò kote ou. Y'a pase yon kontra avè ou. Konsa, w'a ka gouvènen tout peyi a jan ou vle l la. David bay Abnè pèmisyon pou l ale. Lèfini, Abnè pati ak kè poze.


Lè n'a rive la, Zadòk, prèt la, ak Natan, pwofèt la, va vide lwil sou tèt li, y'a mete l apa pou l sèvi wa pèp Izrayèl la. Apre sa, n'a fè kònen twonpèt, epi n'a rele: Viv wa Salomon!


Apre sa, Jeojada, prèt la, pase yon kontra ant Senyè a ak wa a ansanm ak pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Senyè a yo ye. Li pase yon kontra tou ant wa a ak pèp la.


Tout branch fanmi Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon, yo di l konsa: — Nou se moun menm ras, menm fanmi avè ou.


Se konsa, tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l devan Senyè a. Yo fè seremoni, yo mete l wa sou pèp Izrayèl la tou, jan Senyè a te fè pwomès la nan bouch pwofèt Samyèl.


Men se mwen menm Senyè a, Bondye Izrayèl la, te chwazi nan mitan tout fanmi m yo pou fè m wa peyi Izrayèl la pou tout tan. Li te chwazi branch fanmi Jida a pou pran kòmandman peyi a. Nan branch fanmi Jida a, li chwazi fanmi papa m. Nan fanmi papa m, sa te fè l plezi pou l chwazi m pou l mete m wa sou tout peyi Izrayèl la.


Lè sa a, Jeojada pase yon kontra ak wa a ansanm ak tout pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Senyè a yo ye.


Avèk tout bagay sa yo ki rive nou, jòdi a nou menm pèp Izrayèl la, n'ap pran yon angajman, n'ap kouche l sou papye. Epi tout chèf nou yo, tout moun Levi nou yo ak tout prèt nou yo pral siyen dokiman an anvan nou mete sò sou li.


Ale non. Reyini tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, di yo: Senyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan mwen. Li mande m pou m di nou pou li: Mwen vin vizite nou, mwen wè sa moun peyi Lejip yo ap fè nou pase.


Apre sa, Jozye ansanm ak lame Izrayèl la kite lavil Eglon, yo moute al atake Ebwon.


Se konsa, Jefte ale avèk chèf fanmi peyi Galarad la, epi yo mete l chèf pou l gouvènen yo, pou l kòmande lame yo. Apre sa, Jefte al repete tout kondisyon sa yo devan Senyè a, lavil Mispa.


Se konsa tout moun moute lavil Gilgal. Yo fè Sayil wa devan lotèl Senyè a. Yo touye bèt yo te ofri pou di Bondye mèsi. Sayil fè gwo fèt ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo lavil Gilgal.


Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Senyè a desann sou David. Depi jou sa a, li pat janm kite l. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama.


De mesye yo koupe yon kontra pou yo toujou zanmi devan Senyè a. David rete lavil Oreya, Jonatan ale ale l lakay li.


跟着我们:

广告


广告