Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 5:2 - 1998 Haïtienne

2 Depi lontan, menm sou reny Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayel la kote l pase. Lèfini ankò, Senyè a te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la, se ou menm ki pral chèf yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Avan, lè Saül te wa sou nou, se te ou menm sèl ki te mennen Israël antre, sòti. Epi SENYÈ a te di ou: ‘Ou va bèje pèp Mwen an, Israël e ou va yon chèf sou Israël.’”

参见章节 复制




2 Samyèl 5:2
27 交叉引用  

Men, banza pa li a rete fèm, ponyèt li pa fèbli, gremesi pouvwa Bondye Jakòb la, Bondye ki gadò pèp Izrayèl la. Se li ki tout pwoteksyon yo.


David reponn li: — Se vre. Mwen t'ap danse pou m te fè lwanj Senyè a ki te pito m pase papa ou ak tout fanmi ou. Li chwazi m, li mete m chèf pèp Izrayèl la, pèp li a. M'ap toujou ka danse devan l pou m fè lwanj li.


Nan tout deplase mwen ansanm ak moun Izrayèl yo, mwen pa janm mande yonn nan chèf mwen te chwazi pou gouvènen pèp mwen an poukisa yo pa bati yon kay an bwa sèd pou mwen.


Kounyeya, men sa w'a di David, sèvitè m lan: Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dèyè mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chèf pèp mwen an.


— Tounen al jwenn Ezekyas, chèf pèp mwen an. W'a di l pou mwen. Men sa Senyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou. Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal, m'ap geri ou. Nan twa jou w'ap kanpe, ou pral nan Tanp Senyè a.


Depi lontan, menm sou reny wa Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayèl la kote l ale. Lèfini ankò, Senyè a, Bondye ou la, te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la. Se ou menm ki pral chèf yo.


Se poutèt sa, ban mwen konesans ak bon konprann pou m ka gouvènen pèp sa a. Si se pa sa, mwen pa wè ki jan m'a fè pou m gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ladan l.


Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo.


Gade. Mwen te fè l chèf pou l te kòmande nasyon yo. Mwen te fè l sèvi m temwen nan mitan yo.


M'ap ba yo yon wa k'ap tankou David, sèvitè m lan. Se li menm ki pral okipe yo, k'ap mennen yo manje. Se li menm k'ap gadò yo.


Lè chèf sa a va vini, l'a gouvènen pèp li a avèk fòs Senyè a ap ba li a, avèk pouvwa k'ap mande respè paske l'ap gouvènen nan non Senyè a, Bondye li a. Pèp la va viv ak kè poze, paske moun toupatou sou latè va rekonèt jan li gen pouvwa.


yon nonm ki ka mache alatèt yo nan tout antre soti yo, pou pèp ou a, pèp Senyè a, pa rete tankou yon bann mouton san gadò.


Ou menm, Betleyèm, ki bati sou tè Jida a, pawòl sèten: se pa ou ki pi piti nan tout lavil peyi Jida yo. Paske, gen yon chèf ki gen pou sòti lakay ou. Se li menm ki va kondi moun Izrayèl yo, pèp mwen an.


— Se mwen menm ki bon gadò a. Yon bon gadò bay lavi li pou mouton li.


Se Bondye ki fè tout bagay, se Bondye k'ap kenbe tout bagay. Se tou nòmal pou l te vle fè anpil nan pitit li yo resevwa pa yo nan bèl pouvwa li a. Se poutèt sa, li fè Jezi vin bon nèt avèk tout soufrans sa yo. Paske se Jezi ki chèf k'ap mennen yo nan chemen delivrans lan.


Men kounyeya, reny ou pa la pou lontan. Senyè a pral chache yon lòt moun ki va fè tou sa l'a vle l fè, l'a mete l chèf sou pèp li a, tou sa paske ou pat swiv lòd Senyè a te ba ou a.


Senyè a di Samyèl konsa: — Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l jete pou l pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l yo pou vin wa.


Se konsa Sayil voye David al byen lwen, li wete l anba je l. Li mete l chèf sou mil sòlda. David pat chita menm, tout tan li te nan goumen.


Men, tout moun nan peyi Izrayèl ak nan peyi Jida te renmen David paske se li yo te konnen pou chèf lame a.


Chak fwa Sayil te voye David nan misyon, kote li pase, li toujou reyisi. Se konsa Sayil moute li grad, li fè li chèf nan lame a. Sa te fè moun Sayil yo ansanm ak tout pèp la plezi.


Tanpri, mèt, padonnen sa mwen fè ki mal. Senyè a va ba ou yon fanmi ki p'ap janm disparèt, paske batay w'ap mennen yo se batay Senyè a yo ye. Ou p'ap janm fè anyen ki mal nan tout lavi ou.


Konsa, lè Senyè a va fè pou ou tout bèl bagay li te pwomèt ou yo, lè l'a mete ou chèf sou pèp Izrayèl la,


— Denmen, vè lè konsa, m'ap voye yon moun ki sòti nan peyi Benjamen an bò kote ou. W'a vide lwil sou tèt li, w'a mete l apa pou l chèf pèp mwen an, chèf pèp Izrayèl la. Se li ki va delivre pèp mwen an anba men moun Filisti yo. Mwen wè jan pèp la ap soufri, mwen tande jan y'ap rele mande sekou.


跟着我们:

广告


广告