Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 4:8 - 1998 Haïtienne

8 Yo pote tèt Ichbochèt bay David lavil Ebwon. Yo di l konsa: — Men tèt Ichbochèt, pitit Sayil la, moun ki pat vle wè ou la, moun ki t'ap chache touye ou la. Jòdi a Senyè a bay monwa chans pou li tire revanj sou Sayil ansanm ak sou rès fanmi li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Konsa, yo te mennen tèt a Isch-Boscheth kote David nan Hébron e yo te di a wa a: “Men gade, tèt a Isch-Boscheth, fis a Saül la, lènmi pa w la, ki te chache lavi ou a. Konsa, nan jou sa a, SENYÈ a te bay mèt mwen an, wa a, vanjans sou Saül avèk desandan li yo.”

参见章节 复制




2 Samyèl 4:8
18 交叉引用  

Akimaz, pitit gason Zadòk la, di Joab konsa: — Kite m kouri al fè wa a konnen jan Senyè a rann li jistis, jan li delivre l anba men lènmi l yo.


Apre sa, nonm peyi Letyopi a vin rive. Li di wa a: — Monwa, mwen gen bòn nouvèl pou ou! Jòdi a, Senyè a rann ou jistis. Li wete ou anba men tout moun ki te leve dèyè ou yo.


Abnè, pitit gason Nè a, kòmandan lame Sayil la, pran Ichbochèt, pitit gason Sayil la, li mennen l lavil Manayim, lòt bò larivyè Jouden.


Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.


Tout lajounen m'a fè konnen jan ou pa nan patipri, paske moun ki te vle wè malè rive m yo gen pou yo wont. Yo p'ap konn sa pou yo fè.


Zanj lan di l: — Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l, tounen nan peyi Izrayèl la. Paske, moun yo ki te vle touye ti pitit la mouri.


Ou menm, syèl la, ou mèt kontan pou sa ki rive lavil la! Nou menm pèp Bondye a, apòt yo, pwofèt yo, nou mèt kontan tou! Paske, Bondye pini li pou sa l te fè nou.


Yo t'ap rele byen fò: — O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin pini yo paske yo te touye nou?


Sayil di nan kè l: Mwen pral kloure David sou miray la, epi li voye frenn lan an de fwa sou David. Men, chak fwa, David eskive frenn lan.


Sayil pale ak Jonatan ansanm ak chèf k'ap sèvi avè l yo, li di yo li fè lide touye David. Men Jonatan, pitit gason Sayil la, te renmen David anpil.


Men, Sayil voye mesye yo tounen pou y'al wè David ak je yo. Li di yo: — Mennen l isit ban mwen ak tout kabann li an pou m fè touye l.


David kouri kite lavil Najòt nan zòn Rama a, li chape kò l, l'al jwenn Jonatan epi li di l: — Kisa m fè? Kisa m fè ki mal? Kisa m fè papa ou pou li vle touye m konsa?


Atousa David te pè toujou paske li te konnen Sayil te sòti pou touye l. David te bò lavil Oreya, nan dezè Zif la.


Mesye yo di David konsa: — Men chans ou, men okazyon Senyè a te di l'ap ba ou a. Senyè a te di: L'ap lage lènmi ou la nan men ou, w'a fè sa ou vle avè l. David leve, li mache tou dousman, li koupe yon moso nan rad Sayil san Sayil pa konn sa.


Si yon moun konprann pou li atake ou, si l'ap chache touye ou, Senyè a, Bondye ou la, va pwoteje ou. L'a sere ou bò kote l tankou lè yon moun ap sere yon bagay li renmen anpil. Men l'ap pran lènmi ou yo, l'ap voye yo jete byen lwen tankou lè yon moun ap voye wòch nan fistibal.


跟着我们:

广告


广告