Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 4:6 - 1998 Haïtienne

6 Fanm ki t'ap veye bò pòt la t'ap triye ble, men li te kite dòmi pran l. Se konsa mesye yo fofile kò yo antre nan kay la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Yo te rive nan mitan kay la kòmsi yo t ap pran ble e yo te frape li nan vant. Epi Récab avèk Banna, frè li yo te chape ale.

参见章节 复制




2 Samyèl 4:6
5 交叉引用  

Men, Asayèl pat vle sispann kouri dèyè l. Lè sa a, Abnè ba li yon kou nan vant ak pwent dèyè frenn li an. Frenn lan travèse Asayèl, li sòti nan do l. Asayèl tonbe atè, li mouri frèt. Lè tout moun rive kote li te tonbe a yo rete la.


Amasa menm pa fè atansyon lòt nepe Joab te kenbe nan men gòch li a. Joab djage l nan vant. Tout trip li sòti deyò. Li mouri la menm. Konsa, Joab pat bezwen ba li yon dezyèm kou. Apre sa, Joab ak Abichayi, frè l la, pati dèyè Cheba.


Lè Abnè rive Ebwon, Jowab mennen li apa bò pòtay lavil la tankou si li te vle pale apa ak li. Epi li ponyade li nan vant. Se konsa Jowab touye Abnè paske Abnè te touye Azayèl frè li a.


Ichbochèt te gen nan lame li a de chèf piyajè ki te rele Bana ak Rekab. Yo te pitit Rimon, yon nonm nan branch fanmi Benjamen an ki te rete lavil Bewòt. Yo te toujou mete nan tèt yo lavil Bewòt se pou branch fanmi Benjamen an li ye,


Pandan mesye yo t'ap tann tout tan sa a, Eyoud menm gentan chape kò l. Li pase bò estati zidòl yo, epi li pran wout mòn Seyira a pou li, l ale.


跟着我们:

广告


广告