Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 4:4 - 1998 Haïtienne

4 Jonatan, pitit Sayil la, te gen yon pitit gason yo te rele Mefibochèt. Li te enfim nan tou de pye l yo. Li te gen senkan lè Sayil ak Jonatan mouri. Lè nouvèl lanmò yo rive sòti lavil Jizreyèl, nouris la pran Mefibochèt, li kouri al kache avè l. Men, pandan l'ap prese kouri a, pitit la sot tonbe nan men l. Se konsa li vin enfim nan pye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Alò, Jonathan, fis a Saül la, te gen yon fis ki te kokobe nan pye li. Li te konsa akoz lè li te gen laj a senk ane lè rapò a Saül avèk Jonathan te rive soti Jizréel, fanm nouris li an te pran fis la pou te sove ale. Epi nan kouri sòti, li te tonbe e te vin kokobe. Non li se te Méphiboscheth.

参见章节 复制




2 Samyèl 4:4
10 交叉引用  

David pa ba yo Mefibochèt, pitit Jonatan an, pitit pitit Sayil la, poutèt sèman li menm ak Jonatan, pitit Sayil la, yo te fè devan Bondye.


Se konsa, Mefibochèt ki te enfim nan tou de pye l yo rete lavil Jerizalèm. Li t'ap manje chak jou sou tab ansanm ak wa a.


Wa a mande l: — Pa gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil la, pou m ka fè kichòy pou li jan mwen te pwomèt sa devan Bondye? Ziba reponn li: — Wi, gen yonn nan pitit gason Jonatan yo ki vivan toujou. Men, li enfim nan tou de pye l yo.


Lè Mefibochèt, pitit Jonatan, pitit pitit Sayil la, rive, li mete ajenou, li bese tèt li rive atè devan David. David di l konsa: — Mefibochèt? Li reponn: — Se mwen menm, monwa. M la pou m sèvi ou.


Lè sa a, Adad te timoun. Li te rive chape kò l ansanm ak kèk lòt moun peyi Edon ki t'ap travay kay papa l. Y'ale nan peyi Lejip.


Jonatan te papa Meribaal ki te papa Mika.


Jonatan te papa Meribaal ki te papa Mika.


Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo nèt lavil Afèk. Moun Izrayèl yo menm te moute kan yo bò sous ki nan Fon Jizreyèl la.


Konsa vre, nan denmen maten, bonè bonè David leve ansanm ak tout mesye l yo, yo pati, yo tounen nan peyi Filisti a. Lame moun Filisti yo menm pran chemen pou yo ale Jizreyèl.


跟着我们:

广告


广告