Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 3:9 - 1998 Haïtienne

9 Se pou Senyè a ban m pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè pwomès Bondye te fè David la rive vre.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Ke Bondye fè sa a Abner, e menm plis toujou, si jan SENYÈ a te sèmante a David la, mwen pa akonpli sa pou li,

参见章节 复制




2 Samyèl 3:9
16 交叉引用  

N'a pale ak Amasa, n'a di l pou mwen se fanmi m li ye. Depi jòdi a, mwen mete l alatèt lame mwen an nan plas Joab. Si mwen pa kenbe pawòl, se pou Bondye ban m pi gwo pinisyon ki genyen!


Lè tout moun peyi Jida yo tande pawòl David yo, yo tonbe dakò ak li. Yo mete tèt yo ansanm, yo voye di l: — Ou mèt tounen ansanm ak tout moun pa ou yo.


Apre sa, pandan tout rès jounen an, yo pote manje bay David pou li manje, men David fè sèman sa a: — Se pou Bondye ban m pi gwo pinisyon ki genyen si mwen mete anyen nan bouch mwen anvan solèy kouche!


Jezabèl voye yon misyon bay Eli. Li voye di l: — Se ou, se mwen! Se pou bondye yo ban m pi gwo pinisyon ki genyen si denmen lè konsa mwen pa fè ou tou sa ou te fè pwofèt yo.


Apre sa Salomon fè sèman sa a devan Senyè a: — Se pou Bondye ban m pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè Adonija peye pou sa l mande m la a!


Men kantite moun avèk zam pou fè lagè ki te vin jwenn David lavil Ebwon pou renmèt li gouvènman an nan plas Sayil, jan Senyè a te bay lòd la.


Kote w'a mouri a, se la m'a mouri tou. Epi se la y'a antere m tou. Mwen mande Senyè a pou l ban mwen pi gwo madichon ki ka genyen, si se pa lanmò ki pou separe nou.


Sayil di li: — Se pou Bondye ban m pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè yo touye ou.


Samyèl di li: — Senyè a rache gouvènman peyi Izrayèl la nan men ou jòdi a. Li rale l nan men ou. Li pral renmèt li bay yon lòt moun ki pi bon pase ou.


Se pou Bondye ban m pi gwo pinisyon ki genyen si anvan denmen maten mwen pa touye dènye moun lakay li, granmoun kou timoun.


Senyè a annik fè sa li te di m di ou la: li wete gouvènman an nan men ou, li bay David li pito.


Eli mande l: — Kisa Senyè a di ou konsa? Tanpri pa kache m anyen. Se pou Bondye ba ou pi gwo pinisyon ki genyen si ou kache m anyen nan sa li di ou la.


跟着我们:

广告


广告