Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 3:8 - 1998 Haïtienne

8 Lè Abnè tande sa, li fache anpil. Li di Ichbochèt konsa: — Eske se yon chen k'ap travay pou moun Jida yo mwen ye? Jouk jounen jòdi a mwen pa janm trayi Sayil, papa ou, ni patizan l yo, ni zanmi l yo. Mwen goumen rèd mare pou m pa kite yo tonbe nan men David. Lèfini, pou kounyeya w'ap fè m repwòch pou yon ti pachat mwen te fè ak fanm sa a!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Alò, Abner te byen fache akoz pawòl a Isch-Boscheth yo e te di: “Èske mwen se tèt yon chen ki pou Juda? Jodi a, mwen montre favè a lakay papa ou, a frè li yo, a zanmi li yo e mwen pa t livre ou nan men David. Epi malgre sa, jodi a, ou akize mwen kòm koupab nan afè fanm nan.

参见章节 复制




2 Samyèl 3:8
16 交叉引用  

Abichayi, pitit gason Sewouya a, di wa a konsa: — Monwa, poukisa pou ou kite chen mouri sa a ap madichonnen ou konsa? Kite m janbe lòt bò a al koupe tèt li!


Abnè, pitit gason Nè a, kòmandan lame Sayil la, pran Ichbochèt, pitit gason Sayil la, li mennen l lavil Manayim, lòt bò larivyè Jouden.


Enben, men chans nou. Paske men sa Senyè a te di sou David: Mwen pral sèvi ak David, sèvitè m lan, pou m delivre pèp Izrayèl la, pèp mwen an, anba men moun Filisti yo ak anba men tout lòt lènmi l yo.


Se pou Senyè a ban m pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè pwomès Bondye te fè David la rive vre.


Depi lontan, menm sou reny Sayil, se ou menm ki te kòmande lame pèp Izrayel la kote l pase. Lèfini ankò, Senyè a te pwomèt se ou menm ki pral gouvènen pèp li a, pèp Izrayèl la, se ou menm ki pral chèf yo.


Mefibochèt bese tèt li byen ba ankò, li di: — Monwa, poukisa w'ap okipe yon vye chen tou mouri tankou mwen?


Azayèl mande l: — Kisa mwen ye menm pou mwen ta rive fè tou sa? Yon chen gen plis pouvwa pase mwen. Elize reponn li: — Senyè a fè mwen konnen se ou ki pral wa peyi Siri.


(11) Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou.


Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.


Pa janm kite yon fanm osinon yon gason vin nan tanp Bondye a pou fè okenn ofrann ak lajan yo fè nan kondisyon sa a, paske Senyè a deteste bagay avilisan konsa.


Samyèl di li: — Senyè a rache gouvènman peyi Izrayèl la nan men ou jòdi a. Li rale l nan men ou. Li pral renmèt li bay yon lòt moun ki pi bon pase ou.


Sòlda Filisti a di David konsa: — Gen lè se yon chen mwen ye pou se avèk yon baton w'ap mache sou mwen? Epi li pran non bondye l yo pou madichonnen David.


跟着我们:

广告


广告