Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 3:3 - 1998 Haïtienne

3 Dezyèm lan te rele Kileyab. Se Abigayel, vèv Nabal la, moun lavil Kamèl, ki te manman l. Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 epi dezyèm li a, Kileab, pa Abigaïl la, vèv a Nabal la, Kamalit la; epi twazyèm nan, Absalom, fis Maaca a, fi a Talmaï a, wa a Gueschur;

参见章节 复制




2 Samyèl 3:3
22 交叉引用  

Men sa ki vin rive apre sa: Absalon, pitit gason David, te gen yon sè ki te bèl anpil. Li te rele Tama. Amnon, yon lòt pitit David te vin tonbe damou pou Tama.


Joab leve, l'ale lavil Gechou, li mennen Absalon tounen lavil Jerizalèm.


Men, wa a bay lòd pou Absalon pa vin rete nan palè a, paske li pa vle pou l parèt devan li. Se konsa Absalon al rete lakay li, li pa janm parèt devan wa a.


Absalon reponn li: — Paske ou pat vle vini lè mwen te voye chache ou la. Mwen te bezwen ou ale bò kote wa a pou mwen pou ou mande l sa m te bezwen kite lavil Gechou a vin isit la fè. Pito m te rete laba a. Kounyeya, mwen ta renmen ou jwenn yon jan pou m parèt devan wa a. Si m antò, li mèt touye m!


Apre katran, Absalon di wa David konsa: — Monwa, tanpri! Kite m ale lavil Ebwon pou m ka kenbe yon pwomès mwen te fè Senyè a.


Antan mwen te lavil Gechou nan peyi Siri, mwen te pwomèt Senyè a si m te tounen lavil Jerizalèm, mwen ta fè yon sèvis pou li Ebwon.


Lè wa a pran nouvèl la, sa te twòp pou li. Li moute nan chanm li anwo sou tèt pòtay la pou l kriye. Antan li prale konsa, li t'ap rele: — Absalon! Absalon, pitit mwen! Absalon! Poukisa se pa mwen ki te mouri nan plas ou! Woy! Absalon, pitit mwen! Absalon, pitit mwen!


Se konsa David pran de madanm li yo, Akinoram, moun lavil Jizreyèl, ak Abigayèl, vèv Nabal, moun lavil Kamèl, li pati Ebwon.


Men, depi li piti, papa a te gate l, li toujou kite l fè sa li vle. Adonija te fèt apre Absalon. Li te yon bèl gason tou.


Adonija reponn: — Ou konnen se mwen menm ki pou te wa apre papa m. Lèfini, se sa tout pèp Izrayèl la t'ap tann. Men, sa pase yon lòt jan. Se frè m lan ki wa kounyeya paske se Senyè a ki vle l konsa.


Men non pitit gason David vin genyen antan li te lavil Ebwon. Pi gran an te rele Amon. Se Akinoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l. Dezyèm lan te rele Danyèl. Se Abigayil, moun lavil Kamèl, ki te manman l.


Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l. Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l.


Jayit, moun fanmi Manase, te pran tout zòn Agòb la, ki vle di peyi Bazan an rive jouk sou fontyè peyi moun Jechou yo ak peyi moun Maka yo. Li bay peyi a non li. Li rele l Bouk Jayi. Non sa a rete pou peyi a jouk kounyeya.)


Men, pèp Izrayèl la pat mete moun Jechou yo ak moun Maaka yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a de pèp sa yo ap viv nan mitan pèp Izrayèl la toujou.


Mesye te rele Nabal, madanm li te rele Abigayèl. Se te yon fanm ki te gen anpil lespri, lèfini li te bèl. Men, mari a te gen move jan, li pat konn boule byen ak moun menm. Se te fanmi moun Kalèb yo.


Abigayèl leve byen vit, li moute bourik li. Li pran senk jenn fi ki t'ap sèvi avè l lakay li. Li pati ak mesaje David yo. Se konsa li vin madanm David.


Tanzantan, David ak mesye l yo te konn pati al atake moun Jechou yo, moun Jizi yo ak moun Amalèk yo jouk lakay yo. Depi tout tan se pèp sa yo ki te rete nan zòn ki sòti depi lavil Telayim, nan direksyon lavil Chou rive jouk peyi Lejip.


跟着我们:

广告


广告