Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 3:1 - 1998 Haïtienne

1 Patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo pase lontan ap goumen yonn ak lòt konsa. Men, patizan David yo t'ap vin pi plis chak jou. Patizan fanmi Sayil yo menm t'ap bese.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, te gen yon gè byen long antre lakay Saül ak lakay David. David te vin pi pwisan, men lakay Saül, ofiyamezi, te vin pi fèb.

参见章节 复制




2 Samyèl 3:1
26 交叉引用  

Ou menm ak fanm lan, m'ap fè nou lènmi yonn ak lòt. Pitit pitit pa l ak pitit pitit pa ou ap lènmi tou. Pitit pitit li ap kraze tèt ou, epi ou menm w'ap mòde l nan talon pye l.


Apre sa, yon gwo batay pete. Moun David yo kraze Abnè ansanm ak moun Izrayèl yo.


Joab fè kònen klewon. Tout moun li yo rete sou sa yo te fè, yo sispann kouri dèyè moun Izrayèl yo. Se konsa batay la fini.


Ou delivre m anba pèp rebèl sa a. Ou fè m rete chèf pou m gouvènen tout nasyon yo tou. Pèp mwen pat konnen, se yo menm k'ap sèvi m.


Pandan lagè a t'ap kaye ant patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo, Abnè te vin gen plis pouvwa chak jou sou patizan fanmi Sayil yo.


Chak jou David t'ap vin pi fò. Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te avè l.


Pandan tout tan sa a se te yon lagè san rete ant Woboram ak Jewoboran.


Pandan tout tan yo t'ap gouvènen chak moun bò pa yo, se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida, ak Bacha, wa peyi Izrayèl.


Se te yon lagè san rete ant Asa, wa peyi Jida a, ak Bacha, wa peyi Izrayèl la, pandan tout tan yo t'ap gouvènen, chak moun bò pa yo.


Chak jou David t'ap vin pi fò. Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te kanpe avè l.


Men non pitit gason David vin genyen antan li te lavil Ebwon. Pi gran an te rele Amon. Se Akinoam, moun lavil Jizreyèl, ki te manman l. Dezyèm lan te rele Danyèl. Se Abigayil, moun lavil Kamèl, ki te manman l.


Li rakonte madanm li ak tout zanmi l yo tou sa ki te rive l. Lèfini, Zerès, madanm li, ak zanmi l yo ki te gen bon konprann di l konsa: — Si Madoche se yon jwif vre, kounyeya ou p'ap ka fè l anyen. Ou konmanse pèdi pye devan l. Ou mèt sèten se li k'ap kraze ou.


Nan tout peyi a, tout moun te konnen jan Madoche te yon grannèg nan palè wa a, chak jou li te vin gen plis pouvwa.


Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan okenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo.


Tou sa ou te gen anvan an p'ap anyen devan sa Bondye pral ba ou a.


(44) Ou delivre m anba pèp rebèl sa a. Ou mete m chèf pou m gouvènen sou tout nasyon yo. Pèp mwen pat janm konnen, se yo menm k'ap sèvi m.


(10) Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt.


(8) Plis y'ap mache, se plis y'ap gen fòs. Yo gen pou yo parèt devan Bondye sou mòn Siyon an.


Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sa k fè nou pa kapab fè sa nou vle.


Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k'ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a.


Mwen gade, mwen wè yon chwal blan. Moun ki te moute l la te kenbe yon banza nan men l. Yo ba l yon kouwòn met sou tèt li. Li pati tankou yon moun ki fin genyen yon batay men ki sòti pou l genyen ankò.


跟着我们:

广告


广告