Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 24:3 - 1998 Haïtienne

3 Men, Joab di wa a: — Monwa, mwen mande Senyè a, Bondye ou la, pou li fè pèp Izrayèl la vin san fwa pi plis pase jan li ye kounyeya, lèfini pou monwa ka viv lontan pou wè sa! Men, poukisa, monwa, ou vle konte konbe moun ki nan peyi a?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Men Joab te di a wa a: “Alò, ke SENYÈ a ta kapab ajoute san fwa anplis kantite moun ke yo ye a, pandan zye a mèt mwen an, wa a, kab toujou wè. Men poukisa mèt mwen an, wa a, twouve plezi nan bagay sila a?”

参见章节 复制




2 Samyèl 24:3
7 交叉引用  

Mete gason sou nou. Kouray! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm.


Men, wa a pat sòti pou li chanje lòd li te bay la. Konsa, Joab ak lòt gwo chèf lame yo te blije soumèt yo. Yo sòti devan wa a, yo pati, y'al konte konbe moun ki nan peyi Izrayèl la.


Se pou Senyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l beni pitit ou yo tou.


Tout pouvwa yon wa, se lè peyi l'ap kòmande a gen anpil moun. Men, lè pa gen moun nan peyi a, wa a pa vo anyen.


Lè n'a wè sa, n'a kontan nèt ale! Kè nou pral bat, nou p'ap konn kote pou n mete kò nou! Y'ap pote richès nasyon yo ban nou. Y'ap sòti lòt bò lanmè, y'ap vin jwenn nou.


Se pou Senyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou mil fwa plis pitit pase sa nou gen kounyeya. Se pou l beni nou jan li te pwomèt nou an.


跟着我们:

广告


广告