Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 22:3 - 1998 Haïtienne

3 Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m. Se anba zèl ou m jwenn kote pou m kache. Se ou ki delivrans mwen. Se ou ki delivre m anba mechan yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila mwen twouve pwotèj la; boukliye e kòn delivrans mwen, sitadèl mwen ak refij mwen. Se konsa mwen va sove devan ledmi mwen yo.

参见章节 复制




2 Samyèl 22:3
52 交叉引用  

Apre bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Senyè a ki t'ap pale avè l. Senyè a di l konsa: — Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M sere yon gwo gwo rekonpans pou ou.


Bondye o! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.


Konpliman pou Senyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre m, se li menm ki pwoteje m. Ann fè konnen jan li gen pouvwa!


Ou sove m anba men lènmi m yo. Ou wete m anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m anba ansasen yo.


Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.


Bondye pèp Izrayèl la pale. Moun k'ap pwoteje pèp Izrayèl la di m konsa: Chèf k'ap gouvènen san patipri, k'ap gouvènen avèk krentif pou Bondye,


Y'ap pase sa malere yo gen lide fè a nan betiz, men se nan Senyè a malere yo mete konfyans yo.


(2) Senyè, delivre m anba mechan yo non! Pwoteje m anba ansasen yo non,


(12) Se pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a. Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l touye yo.


(5) Senyè, pa kite m tonbe anba men mechan yo, pwoteje m anba ansasen yo k'ap chache jan pou yo fè m tonbe.


(5) Voye je ou toupatou, gade byen! Tout moun pran pòz pa konnen m. Pa gen yon moun pou pwoteje m. Pa gen yon moun pou pran ka m.


Se sou li mwen konte se li ki tout defans mwen. Se li ki sèvi m ranpa, se li ki tout delivrans mwen, Se li ki pwoteksyon mwen, se anba zèl li mwen kache. Se li ki fè pèp li soumèt devan mwen.


(3) Se ou menm ki twou wòch kote m kache a. Se ou menm ki sèvi m ranpa. Se ou menm ki delivre m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m kache.


Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m lakay li. L'a kache m byen fon nan Tanp li a. L'a leve m mete yon kote pou anyen pa rive m.


Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.


(4) Men ou menm, Senyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m genyen batay la. Ou p'ap kite m wont devan lènmi m yo.


Se bò kote ou mwen vin kache. Jou malè w'ap delivre m. M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m.


(2) Se Bondye ki tout pwoteksyon nou, se li menm ki tout fòs nou. Li toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray.


(12) Senyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n kache!


(3) Se poutèt sa, nou te mèt wè tè a ap tranble, nou te mèt wè mòn yo ap chavire tonbe nan mitan lanmè, nou pa bezwen pè anyen.


(8) Senyè ki gen tout pouvwa a la avèk nou. Se bò kote Bondye Jakòb la nou jwenn kote pou n kache.


(13) Paske ou menm Senyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo.


(10) Senyè, mele yo. Fè yonn pa konprann sa lòt ap di. Paske, sa m wè nan lavil la se chen manje chen, yonn ap goumen ak lòt.


(17) Men mwen menm, m'ap chante pou m di jan ou gen pouvwa. Chak maten m'a fè lwanj ou pou m di jan ou pa janm sispann renmen nou. Paske, se ou ki tout defans mwen, se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m te anba tray.


(4) Paske, se ou k'ap pwoteje m, se ou k'ap pran defans mwen kont lènmi m yo.


Lavi m se yon mistè pou anpil moun. Men, se ou menm k'ap pwoteje m ak tout fòs ou.


L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li!


(12) Paske, se Senyè a ki tout defans mwen, se li menm k'ap pwoteje nou. L'ap ban nou favè li, l'ap fè yo respekte nou. Lè yon moun ap mennen yon vi ki san repwòch, Bondye p'ap janm refize l okenn bon bagay.


(10) Bondye, ou menm ki tout pwoteksyon nou, voye benediksyon ou sou wa ou te chwazi pou nou an!


Bondye, yon bann awogan leve dèyè m! Yon kantite mechan sòti pou yo touye m! Yo pa menm chonje si gen Bondye!


(11) Moun ki konnen ou, Senyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.


(10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Senyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.


Senyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa.


Senyè a, se yon gwo ranpa byen solid. Se la moun k'ap mache dwat yo kouri al chache pwoteksyon.


Bondye toujou kenbe pawòl li. Li pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li.


Se Bondye ki delivre m! Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò! Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m!


Yo chak pral tankou kote moun al kache pou move van, tankou kote moun al kache pou van tanpèt. Y'ap tankou yon sous dlo k'ap koule nan dezè, tankou yon kokenn wòch k'ap bay lonbray kote ki pa gen dlo.


Vin plede kòz nou! Mete tèt nou ansanm pou nou konnen sa nou pral di! Kilès moun ki te di davans sa ki gen pou rive a? Kilès ki te fè konnen sa depi lontan? Se pat mwen menm, Senyè a? Nanpwen lòt bondye pase mwen menm. Mwen se Bondye ki pa nan patipri. Se mwen ki ka delivre moun.


Senyè, ou menm ki tout pwoteksyon mwen, ou menm ki ban m tout fòs mwen, se bò kote ou mwen kouri lè mwen nan pwoblèm. Moun lòt nasyon yo va sòti byen lwen, nan dènye bout latè pou yo vin nan pye ou. Y'a di: — Sa zansèt nou yo te mouri kite pou nou yo pa bondye tout bon. Se yon bann zidòl ki pa vo anyen.


Paske men sa mwen menm, Senyè a ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di: Nou tout k'ap viv isit la, m'ap fè nou wè m'ap fè tout moun sispann fè kè yo kontan, sispann fè fèt lè y'ap marye.


Lespri m pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.


Li voye yon moun avèk gwo pouvwa pou delivre nou. Se nan laras David, sèvitè Bondye a, li sòti.


Li te pwomèt li t'ap delivre nou anba lènmi nou yo, ak anba tout moun ki rayi nou yo.


Lè sa a, Senyè a va mande: — Kote bondye yo a, sa ki te konn pwoteje yo a? bondye yo te konn al jwenn pou pran defans yo a?


Se Senyè a k'ap pwoteje nou. Tou sa li fè bon nèt. Li pa nan patipri nan anyen l'ap fè. Bondye nou an ap toujou kenbe pawòl li. Li pa nan bay manti. Li fè sa ki dwat, li pa fè okenn lenjistis.


Ala bon sa bon pou nou, moun pèp Izrayèl! Pa gen tankou nou! Se Senyè a menm ki delivrans nou! Se li ki pwoteksyon nou! Se li ki defans nou! L'ap mache devan nou pou l fè nou genyen batay la. Lènmi nou yo va vin mande padon nan pye nou. Men nou menm, n'a kraze sa ki fè logèy yo a anba pye nou.


Men, lè Bondye fè nou wè jan li gen bon kè, jan li renmen tout moun,


Bondye voye Sentespri li sou nou an kantite, gremesi Jezi, Kris la, ki delivre nou.


Li di ankò: M'a mete tout konfyans mwen nan Bondye. Apre sa, li di ankò: Men mwen ansanm ak tout pitit Bondye te ban mwen yo.


Lè sa a, Ana lapriyè, li di: — Senyè a fè kè m kontan anpil! Senyè a remoute kouray mwen. M'ap kenbe tèt ak lènmi yo. Kè m kontan paske Bondye delivre mwen.


Pa gen Bondye tankou Senyè a. Non, pa gen tankou l. Pa gen moun ki ka pwoteje tankou Bondye nou an.


跟着我们:

广告


广告