Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 2:7 - 1998 Haïtienne

7 Kounyeya, pran kouray! Mete gason nou nou! Sayil, mèt nou an, mouri. Se mwen menm moun Jida yo mete apa pou wa yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Pou sa, kite men nou rete fò e plen kouraj. Paske mèt nou an, Saül mouri e anplis, kay Juda a te onksyone mwen kòm wa sou yo menm”.

参见章节 复制




2 Samyèl 2:7
12 交叉引用  

Apre bagay sa yo, Abram fè yon vizyon. Li wè Senyè a ki t'ap pale avè l. Senyè a di l konsa: — Abram, ou pa bezwen pè anyen. Se mwen menm k'ap pwoteje ou. M sere yon gwo gwo rekonpans pou ou.


Mete gason sou nou. Kouray! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm.


Mwen mande Senyè a pou li aji byen ak nou tou, pou li pa janm lage nou. Mwen menm pou tèt pa m, m'ap aji byen avèk nou tou poutèt sa nou fè a.


Abnè, pitit gason Nè a, kòmandan lame Sayil la, pran Ichbochèt, pitit gason Sayil la, li mennen l lavil Manayim, lòt bò larivyè Jouden.


Se konsa tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l devan Senyè a. Yo fè seremoni, yo mete l wa sou pèp Izrayèl la tou.


Lè sa a, Jeojada fè pitit wa a sòti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li renmèt li kontra Bondye a. Li vide lwil sou tèt li epi li deklare Joas wa. Tout moun bat bravo, yo pran rele: Viv wa a!


Lè sa a, mwen fè yo konnen kijan Bondye te la avèk mwen pou pwoteje mwen, epi tou sa lanperè a te di mwen. Yo reponn: — Bon. Annavan! Ann al rebati! Epi yo ranje kò yo pou mete men nan travay la.


Pa bliye kò nou. Kenbe fèm nan konfyans nou. Mete kouray sou nou. Pa moutre nou fèb.


Pou fini, chache fòs nou nan lavi n'ap mennen ansanm ak Senyè a ak nan gwo pouvwa li.


tout mesye ki te brave danje yo leve, yo mache tout lannwit jouk yo rive lavil Bèt-Chean, yo desann kadav Sayil la ak kadav pitit gason l yo ki te kloure sou miray lavil la, yo tounen ak yo lavil Jabès, kote yo boule yo.


Lè moun pèp Izrayèl yo ki te rete lòt bò Fon Jizreyèl la ak lòt bò larivyè Jouden wè sòlda pèp Izrayèl yo kouri mèt deyò epi Sayil ak pitit gason l yo mouri, yo leve kite lavil kote yo te rete yo, yo mete deyò tou. Moun Filisti yo vini, yo pran lavil yo pou yo.


Se pou nou mete gason sou nou, nou menm moun Filisti, pou nou pa tounen esklav ebre yo menm jan yo te esklav nou an. Se pou n goumen tankou vanyan gason!


跟着我们:

广告


广告