Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 2:6 - 1998 Haïtienne

6 Mwen mande Senyè a pou li aji byen ak nou tou, pou li pa janm lage nou. Mwen menm pou tèt pa m, m'ap aji byen avèk nou tou poutèt sa nou fè a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Alò, ke SENYÈ a montre bonte avèk verite Li a nou menm. Konsa, mwen tou, mwen va montre nou bonte sa a akoz nou te fè bagay sa a.

参见章节 复制




2 Samyèl 2:6
15 交叉引用  

David di: — Se pou m aji byen ak Anoun menm jan papa l, Nakach, te aji byen avè m. Se konsa David voye mesaje al di Anoun jan sa te fè l lapenn lè l pran nouvèl lanmò papa l. Lè mesaje yo rive lavil Amon,


Ou pa gen lontan depi ou rive. Poukisa jòdi a pou m fè ou ap mache nan bwa tankou vakabon ansanm avèk nou? Mwen pa menm konnen kote mwen prale. Tounen tounen ou ansanm ak tout moun menm peyi avè ou yo. Mwen mande Senyè a pou l aji byen avè ou, pou l pa janm lage ou!


Kounyeya, pran kouray! Mete gason nou nou! Sayil, mèt nou an, mouri. Se mwen menm moun Jida yo mete apa pou wa yo.


Wa a mande l: — Pa gen yon moun ki rete nan fanmi Sayil la, pou m ka fè kichòy pou li jan mwen te pwomèt sa devan Bondye? Ziba reponn li: — Wi, gen yonn nan pitit gason Jonatan yo ki vivan toujou. Men, li enfim nan tou de pye l yo.


David di l konsa: — Ou pa bezwen pè. Mwen pral aji byen avè ou poutèt Jonatan, papa ou. M'ap renmèt ou tout tè ki te pou Sayil, granpapa ou. Lèfini, chak jou w'a vin manje sou tab avè m.


(4) L'ap rete nan syèl la, l'ap delivre m anba men moun k'ap pèsekite m yo. Bondye va fè m wè jan li renmen mwen, jan li toujou kenbe pawòl li.


Senyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: — Senyè a, Senyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.


Lè w'ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w'ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p'ap janm lage ou.


— Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sa ki fè, se pou nou veyatif kou pentad. Se pou nou konfyan kou ti poul ki dèyè manman yo.


Men mwen menm, men sa mwen di nou: Renmen lènmi nou. Lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.


Benediksyon pou moun ki gen kè sansib, paske Bondye va fè yo wè jan li gen kè sansib tou.


Mesye yo reponn li. — Nou pwomèt ou n'a pito mouri nou menm pase pou n kite yo touye ou. Si ou pa di pèsonn sa nou vin fè isit la, lè Senyè a va ban nou peyi a, n'a aji byen avè ou, n'a kenbe pawòl nou.


Men, antan yo sou wout, Nawomi di bèlfi li yo konsa: — Pito nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Mwen mande Senyè a pou l aji byen ak nou menm jan nou te aji byen avè m ansanm ak defen yo.


跟着我们:

广告


广告