Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 2:5 - 1998 Haïtienne

5 Lè sa a, li voye kèk mesaje di yo konsa: — Se pou Senyè a beni nou, paske nou moutre jan nou pa janm lage Sayil, mèt nou an. Nou antere l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 David te voye mesaje yo bò kote mesye Jabés Galaad yo. Li te di yo: “Ke nou beni pa SENYÈ a akoz nou te montre bonte nou anvè Saül, mèt nou an, e nou te antere li.

参见章节 复制




2 Samyèl 2:5
16 交叉引用  

Li beni Abram, li di: — Se pou Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a, beni Abram.


Abram reponn wa Sodòm lan, li di l: — Mwen fè sèman devan Senyè a, Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a,


Ou pa gen lontan depi ou rive. Poukisa jòdi a pou m fè ou ap mache nan bwa tankou vakabon ansanm avèk nou? Mwen pa menm konnen kote mwen prale. Tounen tounen ou ansanm ak tout moun menm peyi avè ou yo. Mwen mande Senyè a pou l aji byen avè ou, pou l pa janm lage ou!


David al pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan nan men moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad. (Moun sa yo te al vòlò kadav Sayil ak Jonatan sou plas piblik lavil Bèt-Chean kote moun Filisti yo te pann yo lè yo te fin touye Sayil sou mòn Gilboa a.)


Se pou Senyè a ki fè syèl la ak latè a voye benediksyon li sou nou!


Mesye yo reponn li. — Nou pwomèt ou n'a pito mouri nou menm pase pou n kite yo touye ou. Si ou pa di pèsonn sa nou vin fè isit la, lè Senyè a va ban nou peyi a, n'a aji byen avè ou, n'a kenbe pawòl nou.


Lè sa a, yo mande: — Kilès nan branch fanmi pèp Izrayèl la ki pat moute lavil Mispa devan Senyè a? Yo jwenn pèsonn nan lavil Jabès nan peyi Galarad la, pat vin nan kan an pou patisipe nan reyinyon an.


Men, antan yo sou wout, Nawomi di bèlfi li yo konsa: — Pito nou tounen lakay nou al jwenn manman nou. Mwen mande Senyè a pou l aji byen ak nou menm jan nou te aji byen avè m ansanm ak defen yo.


Nawomi di bèlfi li: — Benediksyon Senyè a pou Bòz! Wi, Senyè a ap toujou kenbe pawòl li, nou te mèt vivan, nou te mèt mouri! Nawomi di ankò: — Nonm sa a, se yon fanmi pre nou li ye. Se yonn nan moun ki reskonsab defann enterè fanmi an.


Bòz di l konsa: — Benediksyon Senyè a avè ou, mafi! Sa w'ap fè la a pi konsekan pase tou sa ou te fè pou bèlmè ou la. Sa moutre ou pa sòti pou ou lage fanmi an. Ou ta gendwa al dèyè nenpòt ki jenn gason, rich osinon pòv, pou marye avè ou, men ou pa fè l.


Yon mwa konsa apre bagay sa yo fin pase, Nakach, moun peyi Amon, moute al atake lavil Jabès nan peyi Galarad. Li sènen lavil la. Mesye lavil Jabès yo di Nakach konsa: — Ann siyen yon kontra. N'ap asepte ou pou chèf.


Yo rele mesaje ki te sòti lavil Jabès yo, yo di yo: — Men sa n'a di moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad: Denmen, vè midi, n'a vin delivre nou. Lè moun lavil Jabès yo resevwa mesay la yo te kontan anpil.


Samyèl al jwenn Sayil. Sayil vin di l bonjou: — Se pou Senyè a beni ou! Mwen fè tou sa li te ban m lòd fè.


Sayil reponn yo: — Se pou Senyè a beni nou pou sa n'ap fè pou mwen la a.


Lè yon moun jwenn okazyon pou l mete men l sou lènmi l, eske l'ap kite l al fè wout li san li pa fè l anyen? Bondye va beni ou pou sa ou fè pou mwen jòdi a.


跟着我们:

广告


广告