Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 2:4 - 1998 Haïtienne

4 Apre sa, moun Jida yo rive lavil Ebwon, yo fè sèvis pou konsakre David wa peyi Jida. David vin pran nouvèl se moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, ki te antere Sayil.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Alò, mesye Juda yo te parèt e se la, yo te onksyone David wa sou kay Juda a. Epi yo te pale David, e te di: “Se te mesye a Jabés Galaad ki te antere Saül yo.”

参见章节 复制




2 Samyèl 2:4
16 交叉引用  

Antan wa a lakay li, li vin konnen tou sa pèp la t'ap di. Lamenm, li voye yon mesay bay Zadòk ak Abyata, li di yo: — Pale ak chèf fanmi moun peyi Jida yo. Mande yo poukisa se pa yo menm premye moun ki chache fè wa a tounen lakay li.


Moun Jida yo reponn: — Nou fè l paske wa a pi fanmi moun Jida yo pase li fanmi moun Izrayèl yo. Sa ki gen la a atò pou nou fache? Li pa janm peye manje pou nou ki fanmi l, ni li pa janm fè nou kado anyen.


David te wa peyi Jida a pandan setan sis mwa. Se Ebwon li te rete.


Kounyeya, pran kouray! Mete gason nou nou! Sayil, mèt nou an, mouri. Se mwen menm moun Jida yo mete apa pou wa yo.


Y'al rapòte bay David sa Rispa, yonn nan fanm kay Sayil yo, t'ap fè a.


David al pran zosman Sayil ansanm ak zosman Jonatan nan men moun lavil Jabès yo nan peyi Galarad. (Moun sa yo te al vòlò kadav Sayil ak Jonatan sou plas piblik lavil Bèt-Chean kote moun Filisti yo te pann yo lè yo te fin touye Sayil sou mòn Gilboa a.)


Lè moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pèp Izrayèl la, yo tout yo leve pou y'al mete men sou li. Lè David pran nouvèl la, li desann al kache nan yon fò.


Se konsa tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l devan Senyè a. Yo fè seremoni, yo mete l wa sou pèp Izrayèl la tou.


Antan lavil Ebwon, li kòmande moun Jida yo pandan setan sis mwa. Lavil Jerizalèm, li kòmande ni moun pèp Izrayèl yo ni moun Jida yo pandan tranntwazan.


Lè sa a, Jeojada fè pitit wa a sòti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li renmèt li kontra Bondye a. Li vide lwil sou tèt li epi li deklare Joas wa. Tout moun bat bravo, yo pran rele: Viv wa a!


Lè moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, vin konnen sa moun Filisti yo te fè Sayil,


Se konsa, tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo vin jwenn David lavil Ebwon. Yo pase yon kontra avè l devan Senyè a. Yo fè seremoni, yo mete l wa sou pèp Izrayèl la tou, jan Senyè a te fè pwomès la nan bouch pwofèt Samyèl.


Men kantite moun avèk zam pou fè lagè ki te vin jwenn David lavil Ebwon pou renmèt li gouvènman an nan plas Sayil, jan Senyè a te bay lòd la.


Samyèl pran ti poban lwil la, li vide l sou tèt David, la devan tout frè li yo. Lamenm Lespri Senyè a desann sou David. Depi jou sa a, li pat janm kite l. Apre sa, Samyèl leve, li tounen lavil Rama.


跟着我们:

广告


广告