Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 2:1 - 1998 Haïtienne

1 Apre sa, David mande Senyè a: — Eske se pou m ale nan yonn nan lavil peyi Jida yo? Senyè a reponn li: — Wi. Se pou ou ale! David mande l: — Kote pou m ale? Senyè a di l: — Lavil Ebwon.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?” Epi SENYÈ a te di li: “Monte!” Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?” Epi Li te di: “Nan Hébron.”

参见章节 复制




2 Samyèl 2:1
26 交叉引用  

Se konsa, Abram ranmase tout zafè l, li vin rete bò pye bwadchenn Manmre yo, toupre Ebwon. Se la li bati yon lotèl pou Senyè a.


Lè li wè yo, li di: — Sa se lame Bondye a. Se poutèt sa li rele kote a Manayim.


Apre katran, Absalon di wa David konsa: — Monwa, tanpri! Kite m ale lavil Ebwon pou m ka kenbe yon pwomès mwen te fè Senyè a.


David te wa peyi Jida a pandan setan sis mwa. Se Ebwon li te rete.


David pale ak Senyè a, li mande l: — Eske se pou m atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m? Senyè a reponn li: — Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou.


David mande Senyè a sa pou l fè. Senyè a di l: — Pa atake yo pa devan. Pase pa dèyè yo. Pare kò ou pou ou atake yo bò pye gayak yo.


Li pase karantan ap gouvènen pèp Izrayèl la: Pandan setan li te rete lavil Ebwon. Pandan rès tranntwazan yo, li te rete lavil Jerizalèm.


Yo bay sanswasannsenk (165) kilo lò, twasantrantmil (330.000) kilo ajan, sètsanmil (700.000) kilo kwiv konsa, ak twa milyon twasanmil (3,300.000) kilo fè pou travay Tanp lan.


Soreya, Ajalon, Ebwon. Tou sa, se vil ak ranpa ki te nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen.


Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m chonje jan ou renmen m anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m chemen pou m pran an.


Mwen mande Senyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m ta pase tout lavi m nan kay Senyè a, pou m ka gade bèl bagay li yo byen, pou m ka pran tan m pou m kalkile nan kay ki apa pou li a.


Senyè sèl Mèt la pale, li di: M'ap kite moun pèp Izrayèl yo vin mande m sekou. M'ap kite yo peple tankou yon bann mouton.


Yo travèse zòn Negèv la, yo rive lavil Ebwon kote moun Ayiman yo, moun Chechayi yo ak moun Talmayi yo rete. Yo tout te fè pati ras moun Anak yo. Ebwon sa a, se yon lavil ki te bati setan anvan yo te bati lavil Zoan nan peyi Lejip.


L'a toujou kanpe devan Eleaza, prèt la, ki va sèvi ak Ourim yo pou chache konnen sa mwen vle yo fè. Se konsa, Eleaza va dirije Jozye ak tout pèp la nan tout antre sòti yo.


Jan Senyè a te bay Jozye lòd la, yon pòsyon nan tè moun Jida yo vin pou Kalèb, pitit gason Jefoune a. Jozye ba li Kiriyat-Aba, kapital peyi Anak yo. (Kounye a yo rele lavil la Ebwon).


Apre Jozye mouri, pèp Izrayèl la mande Senyè a: — Nan tout branch fanmi nou yo, kilès ladan yo ki pou al atake moun Kanaran yo anvan?


Y'al mande Senyè a si pa gen lòt moun ankò. Senyè a reponn: — Men Sayil kache dèyè pwovizyon yo!


Lè sa a, David al mande Senyè a: — Eske mwen mèt al atake moun Filisti yo? Senyè a di David: — Ou mèt ale! Atake yo. Delivre lavil Keyila.


David tounen al pale ak Senyè a ankò. Senyè a reponn li: — Leve non! Desann lavil Keyila, paske m'ap lage moun Filisti yo nan men ou.


bay moun lavil Ebwon, bay moun ki toupatou kote David ak mesye l yo te pase.


跟着我们:

广告


广告