Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 15:2 - 1998 Haïtienne

2 Chak maten, Absalon leve byen bonè, l'al kanpe sou wout la bò pòtay lavil la. Chak fwa yon moun vini ak yon pwoblèm li ta renmen wa a regle pou li, Absalon rele l sou kote, li mande l ki bò li moun. Apre moun lan fin di l moun ki branch fanmi li ye,

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Absalom te konn leve granmmaten e kanpe akote chemen an devan pòtay la. Konsa, lè yon moun ta gen yon pwosè, e te vin kote wa a pou jijman, Absalom te rele li e di: “Nan ki vil ou sòti?” Epi li ta di: “Sèvitè ou a sòti nan youn nan tribi Israël yo.”

参见章节 复制




2 Samyèl 15:2
13 交叉引用  

Amò ak Sichèm, pitit gason l lan, al nan pòtay lavil la, kote tout moun yo te konn reyini, yo pale ak moun peyi a. Yo di yo:


Wa a leve vre, li vin chita bò pòtay lavil la. Lè sòlda yo vin konn sa, yo tout vin sanble bò kote l. Moun peyi Izrayèl yo menm te kouri ale chak moun lakay yo.


Yo reponn li: — Si ou aji byen ak pèp la, si ou asepte fè sa yo mande ou la, si ou pale byen ak yo, y'ap toujou sèvi ou,


Anvan bajou kase, ansasen an gentan leve, pou l'al touye pòv malere yo. Lannwit, se vòlò l'ap mache vòlò.


Lè Jetwo, bòpè Moyiz la, wè kalite travay di sa a Moyiz t'ap fè pou kò l pou pèp la, li di l konsa: — Kisa w'ap fè konsa ak pèp la? Poukisa pou pèp la kanpe devan ou depi maten jouk aswè, epi se ou menm ki chita la pou kont ou ap rann jijman?


Lè yo gen kont, yo vin jwenn mwen, mwen regle sa pou yo, mwen fè yo konnen volonte Bondye ak sa Bondye mande yo pou yo fè.


Yo te toujou la pou rann jistis pou pèp la. Yo te pote gwo zafè yo devan Moyiz. Men ti ka piti yo, yo te regle sa yo menm.


Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a.


Zanj lan t'ap pale toujou. Li di: — Wa k'ap parèt apre sa a pral yon voryen ki pat gendwa pou l te nan plas la. Men, l'ap vini tou dousman, l'ap fè mannigèt, l'ap pran pouvwa a.


Nan granmaten, tout chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la, yo mete tèt yo ansanm sou do Jezi. Yo pran desizyon pou fè touye li.


Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak entere yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l, ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l nou menm, n'a leve, n'a moute kote Senyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,


Bòz ale nan pòtay lavil la, kote moun yo konn reyini an, epi li chita. Lè sa a, yon moun vin ap pase. Se te nèg ki te fanmi Elimelèk pi pre pase l la, nonm Bòz t'ap pale Rit la. Bòz rele l, li di l: — Entèl, vini m pale ou, monchè! Chita non! Nonm lan al jwenn li, li chita.


跟着我们:

广告


广告