Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 13:3 - 1998 Haïtienne

3 Men, Amnon te gen yon zanmi, yon moun yo te rele Jonadab, pitit gason Chimeya, frè David. Jonadab sa a te mètdam anpil.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Men Amnon te gen yon zanmi ki te rele Jonadab, fis a Schimea a, frè David. Epi Jonadab te yon nonm byen rize.

参见章节 复制




2 Samyèl 13:3
21 交叉引用  

Sèpan se te bèt ki te pi rize nan tout bèt Senyè Bondye te fè. Li di fanm lan konsa: — Eske Bondye te janm di piga nou manje donn tout pyebwa ki nan jaden an?


Lè sa a, Jida kite frè l yo, l'al jwenn Ira, yon nonm lavil Adoulam.


Jida voye zanmi l, moun lavil Adoulam lan, ak jenn kabrit la pou l te ka reprann sa l te bay fanm lan kenbe a. Men zanmi l lan pat kapab jwenn fanm lan.


Amnon te sitèlman renmen l, li vin malad paske li pat ka fè anyen pou sa. Tama te tifi toujou. Yo pat kite l kontre ak okenn gason.


Men Jonabad, pitit gason Chimeya, frè David la, di l: — Monwa, yo pa touye tout pitit gason ou yo non. Se Amnon ase ki mouri, paske Absalon te gen lide nan tèt li pou l te fè sa depi lè Amnon te fè kadejak sou Tama, sè l la.


Li di Amnon konsa: — Ou se pitit wa a. Chak jou mwen wè figi ou kagou. Sa ki genyen? Amnon reponn li: — Mwen renmen Tama, sè Absalon, frè menm papa avè m lan.


Sa li fè, li voye lavil Tekoa al chache yon fanm ki te gen anpil ladrès. Lè fanm lan rive, li di l konsa: — Ou pral pran pòz ou nan gwo lapenn. W'ap mete rad dèy sou ou, lèfini pa mete okenn odè sou ou. Se pou yo ka pran ou pou yon moun ki gen yon moun mouri depi lontan.


Li t'ap pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz. Jonatan, pitit gason Chimeya, frè David la, touye l.


Men pitit Izayi yo: Eliyab, premye pitit gason l, Abinadab, dezyèm pitit gason l, Chimeya, twazyèm pitit gason l,


Jonatan, tonton David, te yon konseye. Se te yon moun lespri ki te fò anpil. Jekiyèl, pitit Akmoni, te reskonsab levasyon tout pitit gason wa a.


men li pa kite moun wè sa, epi l'al lakay li. Lèfini, li fè chache zanmi l yo, epi li mande madanm li Zerès pou li vini tou.


Lè sa a, Zerès, madanm li, ak tout zanmi l yo di l konsa: — Poukisa ou pa fè yo kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay ou? Denmen maten, w'a mande wa a pou yo pann Madoche nan poto a. Apre sa, w'aval nan fèt la ak kè kontan. Aman wè se te yon bon lide yo te ba li la a. Li fè kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay li.


Li rakonte madanm li ak tout zanmi l yo tou sa ki te rive l. Lèfini, Zerès, madanm li, ak zanmi l yo ki te gen bon konprann di l konsa: — Si Madoche se yon jwif vre, kounyeya ou p'ap ka fè l anyen. Ou konmanse pèdi pye devan l. Ou mèt sèten se li k'ap kraze ou.


Anpil moun ap achte figi grannèg. Tout moun vle zanmi moun k'ap bay favè.


Senyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.


Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, se foli sa ye devan Bondye. Paske men sa nou jwenn ki ekri nan Liv la: - Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo.


Bon konprann konsa pa sòti nan Bondye, li sòti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la.


Lè sa a, moun yo rele yonn nan moun ki te avèk Samson yo, sa ki te pi bon zanmi l lan, yo ba li madanm Samson pou madanm li.


Lè sa a, Samyèl di Izayi ankò: — Se tout pitit gason ou yo sa? Ou pa gen lòt? Izayi reponn: — Wi, mwen gen yon ti dènye. Men, l'al mennen mouton m yo al nan manje. Samyèl di li: — Voye chache l, paske nou p'ap konmanse sèvis la tout tan li pa vini.


Izayi fè mennen Chama devan Samyèl. Men, Samyèl di: — Sa a tou, se pa li Senyè a chwazi.


跟着我们:

广告


广告