Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 13:1 - 1998 Haïtienne

1 Men sa ki vin rive apre sa: Absalon, pitit gason David, te gen yon sè ki te bèl anpil. Li te rele Tama. Amnon, yon lòt pitit David te vin tonbe damou pou Tama.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Pi tà, apre sa Absalom, fis a David la te gen yon sè byen bèl ki te rele Tamar e Amnon, fis a David la te renmen li.

参见章节 复制




2 Samyèl 13:1
15 交叉引用  

Jakòb te renmen Rachèl. Li reponn Laban: — M'ap sèvi avè ou sèt lanne pou Rachèl, dezyèm pitit fi ou la.


Se konsa Jakòb pase setan ap travay kay Laban pou l te ka marye ak Rachèl. Sèt lanne yo te pase tankou dlo, paske li te renmen ti fi a.


Sichèm tèlman damou pou Dina, li tonbe file li pou vire bonnanj li.


Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo.


Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li sòti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t'ap benyen. Fanm lan te bèl anpi.


Lèfini, li santi li rayi Tama pou l mouri. Li vin rayi l plis pase jan li te renmen l lan. Li di l: — Mete ou deyò lakay mwen!


Amnon te sitèlman renmen l, li vin malad paske li pat ka fè anyen pou sa. Tama te tifi toujou. Yo pat kite l kontre ak okenn gason.


Absalon te gen twa pitit gason ak yon pitit fi ki te rele Tama. Tama te bèl anpil.


Salomon te gen anpil madanm moun lòt nasyon. San konte pitit fi wa Lejip la, li te gen madanm ki soti Mowab, Amon, Edon, Sidon ak peyi Et.


Twazyèm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l. Katriyèm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l.


David te fè lòt pitit gason toujou ak lòt fanm kay mete sou sa yo. Li te gen yon pitit fi yo te rele Tama.


Bèl fanm pa di bon madanm. Bèl figi pa la pou lontan. Men y'a fè lwanj fanm ki gen krentif pou Senyè a.


Yo te mèt bèl kou yo bèl, pa kite yo pran tèt ou. Pa kite yo pran tèt ou lè y'ap fè je dou ba ou.


跟着我们:

广告


广告