Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 12:3 - 1998 Haïtienne

3 Pòv la menm pat gen pase yon sèl ti mouton li te achte. Li swen li. Se anndan lakay li ansanm ak pitit li yo ti mouton an grandi. Se nan asyèt malere a menm ti mouton an te konn manje. Se nan gode l li bwè dlo. Se sou janm li li konn dòmi. Ti mouton an te tankou yon pitit fi pou li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 men pòv la, pa t gen anyen sof ke yon sèl ti mouton femèl, ke li te achte e li te nouri. Konsa, li te vin gran ansanm avèk li menm avèk pitit li yo. Li ta manje nan pen li, bwè nan tas li, kouche sou vant li e se te tankou yon fi pou li.

参见章节 复制




2 Samyèl 12:3
6 交叉引用  

Li voye chache konnen ki fanm sa a. Yo vin di li se Batcheba, pitit fi Eliyam, madanm Iri, moun peyi Et la.


Nonm rich la te gen mouton ak bèf an kantite.


Yon jou, yon vizitè vin rive lakay nonm rich la. Nonm rich la pat santi kouray li pou l te pran yonn nan mouton l yo osinon nan bèf li yo pou l fè manje bay vizitè a. Li pran ti mouton malere a, li fè manje ak li bay vizitè ki te lakay li a.


Pa mete konfyans ou nan zanmi! Pa apiye sou okenn bon zanmi! Veye bouch ou ata ak madanm ou!


Si yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n'al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen,


跟着我们:

广告


广告