Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 11:2 - 1998 Haïtienne

2 Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li sòti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t'ap benyen. Fanm lan te bèl anpi.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Epi lè lannwit te vin rive, David te leve nan kabann li. Li te mache antoure twati kay wa a, soti nan twati a, li te wè yon fanm ki t ap benyen. Epi fanm nan te byen bèl nan aparans li.

参见章节 复制




2 Samyèl 11:2
28 交叉引用  

Li te prèt pou antre nan peyi Lejip lè li di Sarayi, madanm li: — Koute non. Ou se yon bèl fanm.


Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l pou je l ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l ki manje tou.


Lè sa a, Sichèm, pitit Amò, moun Evi a, te chèf nan kanton an. Lè li wè Dina, li mete men sou li, li fè kadejak sou li.


Sa fè Potifa te lage tout zafè li nèt nan men Jozèf, esepte vant li. Jozèf te yon bèl gason byen kanpe.


Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo.


Men sa ki vin rive apre sa: Absalon, pitit gason David, te gen yon sè ki te bèl anpil. Li te rele Tama. Amnon, yon lòt pitit David te vin tonbe damou pou Tama.


Absalon te gen twa pitit gason ak yon pitit fi ki te rele Tama. Tama te bèl anpil.


Rekab ak Bana, pitit gason Rimon, moun lavil Bewòt la, pati pou lakay Ichbochèt. Yo rive vè midi. Lè sa a, Ichbochèt t'ap fè yon ti dòmi pou poze kò l.


Lè yo rive anndan, y'al nan pyès chanm kote Ichbochèt te kouche ap dòmi an, yo touye l. Lèfini, yo koupe tèt li, yo pran l, yo pati avè l. Yo pase nwit lan ap mache nan fon Jouden an.


Mwen te fè sèman pou m pa janm gade yon jenn fi avèk move lide.


Pa kite m kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m swiv chemen ou mete devan m lan.


Parès fè je ou toujou lou. Moun ki rete san fè anyen ap rete grangou.


Bèl fanm pa di bon madanm. Bèl figi pa la pou lontan. Men y'a fè lwanj fanm ki gen krentif pou Senyè a.


Yo te mèt bèl kou yo bèl, pa kite yo pran tèt ou. Pa kite yo pran tèt ou lè y'ap fè je dou ba ou.


Li t'ap mache nan lari a, li rive bò kay yon fanm. Konsa, konsa, li pran chemen ki mennen kay fanm lan.


Wi, kay lavil Jerizalèm yo ansanm ak kay wa peyi Jida yo ap tankou Tofèt. Yo p'ap ka sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Wi, tout kay sa yo se kote yo te moute anwo sou teras pou boule lansan pou zetwal, pou ofri diven bay lòt bondye.


Tou sa m'ap di nou nan fènwa, nou menm repete l gwo lajounen. Tou sa yo di nou nan zòrèy, mache bay li nan tout kalfou.


Moun ki anlè teras kay yo, yo p'ap gentan desann pran zafè yo.


Mwen menm, men sa m'ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l nan kè l.


Nan denmen, vè midi konsa, yo te nan wout toujou, men yo te prèt pou rive Jope. Menm lè sa a, Pyè moute anwo sou tèt kay la pou l'al lapriyè.


Lè n'ap bati yon kay nèf, n'a mete balistrad pou moun pa sot tonbe sou teras twati a. Konsa yo p'ap ka rann nou reskonsab si yon moun ta rive tonbe epi li mouri lakay nou.


Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou.


Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n ka lapriyè.


Bagay ki sòti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tantasyon, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa sòti nan Papa a. Se nan lemonn sa sòti.


Apre sa, yo desann sòti sou mòn lan, y'al lavil la. Yo ranje yon kabann pou Sayil sou teras ki anwo kay la.


跟着我们:

广告


广告