Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 10:4 - 1998 Haïtienne

4 Sa Anoun fè lè sa a, li pran moun David te voye yo, li raze tout yon bò nan bab yo, li koupe anba rad yo ra dèyè yo, li voye yo tounen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Konsa, Hanun te pran sèvitè a David yo, li te pase razwa sou mwatye bab yo, li te koupe manto yo jis rive nan mitan kote kwis yo, e li te voye yo ale.

参见章节 复制




2 Samyèl 10:4
8 交叉引用  

Mesye yo te wont anpil pou yo te tounen lakay yo konsa. Lè David vin konn sa ki te rive yo, li voye di yo rete lavil Jeriko, y'a tounen lakay yo lè bab yo va pouse ankò.


Moun peyi Mowab yo ap kouri moute lavil Dibon, sou tèt mòn yo pou y'al kriye. Moun peyi Mowab yo pral plenn tèlman y'ap nan lapenn pou lavil Nebo ak lavil Medeba. Yo taye tout cheve nan tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo.


Wa peyi Lasiri a pral depòte tout prizonye li pral fè nan peyi Lejip ak nan peyi Letyopi. Granmoun kou timoun pral mache toutouni, pye atè ak tout dèyè yo deyò. Sa pral yon wont pou peyi Lejip.


Se konsa katreven gason ki te sòti lavil Sichèm, lavil Silo ak lavil Samari vin rive. Yo te koupe tout bab nan figi yo, yo te gen rad chire sou yo, tout kò yo te plen mak kouto. Yo te pote grenn jaden ak lansan pou ofri nan Tanp Jerizalèm lan.


Piga nou koupe pafouten nou raz, ni piga nou taye pwent bab nou,


跟着我们:

广告


广告