Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 1:8 - 1998 Haïtienne

8 Li mande m kimoun mwen ye. Mwen reponn li se yon moun Amalèk mwen ye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Li te di mwen: ‘Se ki moun ou ye?’ Epi mwen te reponn li: ‘Mwen se yon Amalekit’.

参见章节 复制




2 Samyèl 1:8
12 交叉引用  

Apre sa, yo kase tèt tounen, yo rive bò Sous jijman an, yo bat tout chèf moun Amelèk yo, yo pran tout bèt yo. Yo bat moun Amori yo tou ki rete Azazon-Tama, yo bat yo byen bat.


Apre sa, David mande jenn gason ki te pote nouvèl la: — Ki moun ou ye? Jenn gason an reponn: — Mwen se pitit yonn nan moun Amalèk ki vin rete nan peyi a.


Lè sa a, li voye je l gade, li wè m, epi li rele m vini. Mwen reponn li: Men mwen, monwa.


Lè sa a, li mande m pou m pwoche bò kote l pou m touye l, paske li te santi tèt li ap vire, atout li te gen tout konesans li sou li.


Apre sa, Balaram wè moun Amalèk yo nan vizyon l lan. Li bay mesay sa a, li di konsa: — Moun Amalèk yo, se yon nasyon ki fò anpil. Men, bout pou bout, yo gen pou yo disparèt nèt.


Kounyeya, leve al atake moun Amalèk yo. W'a pran tou sa ki pou yo, w'a ofri yo bay Senyè a. Ou p'ap gen pitye pou pèsonn lakay yo: N'a touye fanm kou gason, timoun ak ti bebe nan tete, ata bèf, mouton, chamo ak bourik.


Tanzantan, David ak mesye l yo te konn pati al atake moun Jechou yo, moun Jizi yo ak moun Amalèk yo jouk lakay yo. Depi tout tan se pèp sa yo ki te rete nan zòn ki sòti depi lavil Telayim, nan direksyon lavil Chou rive jouk peyi Lejip.


De jou apre, David rive lavil Ziklag ansanm ak mesye l yo. Moun Amalèk yo te gentan anvayi tout zòn Negèv nan peyi Jida. Yo te atake lavil Ziklag tou, yo te boule lavil la nèt.


David mande l: — Ki moun ki mèt ou? Moun ki bò ou ye? Li reponn: — Mwen se moun peyi Lejip, esklav yonn nan moun Amalèk yo. Jòdi a fè twa jou depi mèt mwen kite m dèyè, paske mwen te malad.


Nan denmen, granmaten David atake yo, li goumen ak yo jouk nan aswè. Pèsonn pat chape, an wetan katsan (400) jenn gason ki moute kèk chamo epi ki gentan kouri ale.


跟着我们:

广告


广告