Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 1:2 - 1998 Haïtienne

2 Sou twazyèm jou a, yon nonm rive soti nan kan Sayil la. Rad sou li te chire, li te benyen tèt li ak pousyè tèlman li te nan gwo lapenn. Lè li rive bò kote David, li bese tèt li byen ba salye li, li lage kò li atè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Nan twazyèm jou a, vwala, yon mesye te sòti nan kan an kote Saül la. Rad li te chire epi te gen pousyè sou tèt li. Lè li te parèt a David, li te tonbe atè; li te kouche plat nèt pou fè respè.

参见章节 复制




2 Samyèl 1:2
25 交叉引用  

Sou twa jou, Abraram gade, li wè kote a yon bon ti bout devan l.


Lè Riben tounen nan pi a, li pa jwenn Jozèf. Sa te fè li lapenn anpil anpil. Li chire rad sou li sitèlman li te boulvèse.


Sa ou tande a, yon sèl lapenn trape Jakòb! Li dechire tout rad sou li tank kè li t'ap fann. Li pran sak, li mare ren li epi li pran dèy pou pitit la.


Yo reponn li: — Granmoun lan la wi, l'ap debat. Li byen mèsi. Yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan li.


David mande li kote li soti. Nonm lan reponn li: — Mwen chape soti nan kan Izrayèl la.


Li simen sann dife sou tèt li, li chira rad ki te sou li a, li mete de men nan tèt, li pran rele epi l ale.


Fanm lan ale vre bò kote wa a, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè, epi li di: — Tanpri, monwa, fè kichòy pou mwen!


Lè David rive sou tèt ti mòn lan, kote yo konn fè sèvis pou Bondye a, Ouchayi, moun peyi Ak la, vin kontre l, rad sou li dechire, tèt li kouvri ak pousyè tè.


Araounak t'ap gade, li wè wa a ki t'ap vin sou li ansanm ak chèf li yo. Li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè.


Moun ki te vin fè mwen konnen Sayil te mouri a te kwè se yon bon nouvèl li t'ap pote pou mwen. Mwen pran li, mwen fè touye li lavil Ziglag. Se rekonpans sa a mwen te ba li pou bon nouvèl sa a.


— Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz. Fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m mouri, m'a mouri.


Sou twazyèm jou a, Estè mete rad larenn li sou li, l ale, li kanpe nan lakou anndan palè a, devan salon wa a. Wa a te chita sou fòtèy li anndan salon an anfas pòt pou antre a.


Di Bondye: Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.


Y'ap kriye pou ou, y'ap plenn sò ou. Y'ap voye pousyè tè sou tèt yo, y'ap woule kò yo nan sann dife, tèlman y'ap nan lapenn.


Apre de jou, l'a ban nou lavi ankò. Sou twazyèm jou a, l'a fè nou kanpe ankò, n'a viv ankò devan je l.


Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou.


Menm jan Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa tou Moun Bondye voye nan lachè a gen pou pase twa jou twa nwit anba tè.


Depi lè sa a, Jezi konmanse pale aklè ak disip li yo, li di: — Fòk mwen moute lavil Jerizalèm. Fòk mwen soufri anpil nan men chèf fanmi yo, nan men chèf prèt yo, nan men dirèktè lalwa yo. Y'ap fè yo touye mwen. Men, sou twa jou, mwen gen pou m leve sòti vivan nan lanmò.


Jozye te sitèlman nan lapenn, li endiye, li chire rad sou li epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Senyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo benyen tèt yo ak pousyè pou fè wè lapenn yo.


Men, pou moun ki fè pati gwoup Satan an, bann mantò sa yo k'ap pran pòz jwif yo men ki pa jwif, m'ap fòse yo vin mete ajenou devan ou pou yo ka respekte ou. Se pou yo rekonèt se ou menm mwen renmen.


Lè ti gason an fin ale, David sòti dèyè pil wòch la, li lage kò l atè, li bese twa fwa devan Jonatan. Apre sa, li menm ak Jonatan, yo tonbe yonn nan bra lòt, yo t'ap kriye. Men David te nan pi gwo lapenn pase Jonatan.


Wè Abigayèl wè David, li kouri desann bourik li a, li lage kò l ajenou devan David, li bese tèt li jouk atè.


Yon nonm nan branch fanmi Benjamen te pran kouri depi kote yo t'ap goumen an jouk lavil Silo. Li rive menm jou a. Li te endiye, li chire rad sou li, afòs li te nan lapenn.


Nonm lan di Eli konsa: — Mwen fenk sòti kote yo t'ap goumen an, mwen chape kò m nan batay la vin isit la. Eli di l: — Ki jan sa pase, pitit mwen!


跟着我们:

广告


广告