Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Samyèl 1:10 - 1998 Haïtienne

10 Se konsa, mwen pwoche bò kote l, mwen touye l paske mwen te konnen tonbe li te tonbe li t'ap toujou mouri. Apre sa, mwen pran kouwòn ki te sou tèt li ak brasle ki te nan ponyèt li, mwen pote yo ba ou, mèt.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Konsa, mwen te kanpe akote li pou te touye li; paske mwen te konnen ke li pa t kab viv lè l te fin tonbe a. Epi mwen te pran kouwòn ki te sou tèt li a, ak braslè ki te nan bra li a, e mwen te mennen yo isit la kote mèt mwen.”

参见章节 复制




2 Samyèl 1:10
10 交叉引用  

David menm te di moun Amalèk la: — Se ou menm ki reskonsab sa ki rive ou la a. Se ou menm ki kondannen tèt ou lè ou di ak bouch ou se ou menm ki touye wa Bondye te chwazi a.


Lè sa a, li mande m pou m pwoche bò kote l pou m touye l, paske li te santi tèt li ap vire, atout li te gen tout konesans li sou li.


Estati Milkòm, zidòl moun Amon yo, te gen yon gwo kouwòn lò sou tèt li. Kouwòn lan te peze swasannkenz liv, li te gen yon gwo pyè koute chè ladan li. David pran kouwòn lò ki te sou tèt zidòl la, li mete li sou tèt pa li. Lèfini, se pa de bagay li pa pran lavil la.


Lè sa a, Jeojada fè pitit wa a sòti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li renmèt li kontra Bondye a. Li vide lwil sou tèt li epi li deklare Joas wa. Tout moun bat bravo, yo pran rele: Viv wa a!


Tou sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt. Nou te peche, malè tonbe sou nou.


paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.


Lè sa a, Adonibezèk di: — Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m sa m te fè yo a. Yo mennen mesye lavil Jerizalèm. Se la li mouri.


Abimelèk rele jenn gason ki t'ap pote zam li yo, li di li konsa: — Rale nepe ou touye m'. Mwen pa vle yo di se yon fanm ki touye m'. Se konsa, jenn gason an pèse li pakanpak touye li.


Lè sa a, Sayil di Doèg: — Ou menm, touye prèt yo: Epi Doèg touye yo tout. Jou sa a, li touye katrevennsenk prèt Senyè a.


跟着我们:

广告


广告