2 Samyèl 1:1 - 1998 Haïtienne1 Apre li te fin kraze moun Amalèk yo, David tounen lavil Ziklag. Lè sa a Sayil te deja mouri. David menm te lavil Ziklag depi de jou. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen1 Alò, li te vin rive ke lè Saül te fin mouri, e David te retounen soti nan masak a Amalekit yo, ke David te rete pandan de jou nan Tsiklag. 参见章节 |
Li rele gad ki t'ap pote zam li yo, li di l konsa: — Rale nepe ou, touye m pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gentan rive sou mwen pou se yo ki touye m, lèfini pou yo pase m nan betiz. Men gad kò a pat vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l tèt anba, li lage kò l sou li.