Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 9:9 - 1998 Haïtienne

9 Larenn Saba a fè wa a kado twa tòn edmi lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Pat janm rive gen nan pèyi Izrayèl la kantite fèy santi bon tankou sa larenn Saba a te bay wa Salomon lè sa a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Apre sa, li te bay wa a san-ven talan lò avèk yon trè gran kantite epis avèk pyè presye. Pa t janm te kon gen epis kon sa yo ke rèn Séba te bay a Wa Salomon an.

参见章节 复制




2 Kwonik 9:9
10 交叉引用  

Lè sa a, papa yo Izrayèl di: — Bon, si se konsa sa ye, men sa pou nou fè: N'ap pran pi bon bagay ki genyen nan peyi a, n'ap mete yo nan sak nou, n'ap pote yo fè nonm nan kado: gonm santi bon, siwomyèl, lansan, lami, pistach ak nwa.


Larenn lan fè wa a kado senk tòn lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Wa a pa janm resevwa nan lavi li kantite fèy santi bon larenn Saba te ba li lè sa a.


Iram te voye total senk tòn lò bay Salomon.


Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l sonde konesans Salomon avèk kèk kèsyon difisil. Se konsa, li mennen anpil moun avè l ak anpil chamo chaje odè, fèy santi bon, kantite lò ak pyè koute chè. Lè li rive devan Salomon, li poze l tout kalite kèsyon li te fè lide mande l.


Moun Iram yo ansanm ak moun Salomon yo, ki te al chache lò nan peyi Ofi, te pote yon gwo kantite bwa koray ak anpil bèl pyè koute chè sòti nan menm peyi a.


Chak moun ki te vini te pote kado pou li, bagay ki fèt ak lajan epi ak lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lane, se te konsa.


Lwanj pou Senyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou chita sou fòtèy li a pou ou te ka wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la, li vle pou peyi a pa janm disparèt. Li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen, san patipri.


Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li.


Se pou wa a viv lontan! Y'a ba li lò ki sòti nan peyi Saba. Y'a toujou lapriyè pou li. Y'a mande pou Bondye beni li chak jou.


Apre sa, Senyè a di Moyiz konsa: — Pran epis sa yo: safetida, lorye, gonm bwa ak pi bon kalite lansan. W'a pran menm valè nan chak.


跟着我们:

广告


广告