Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 9:4 - 1998 Haïtienne

4 Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li, kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l bweson ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Senyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl sitèlman li te sezi.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 manje sou tab li, aranjman pozisyon chèz sèvitè li yo, konpòtman avèk abiman ministè li yo, eskalye li a sou sila li te konn monte pou rive lakay SENYÈ a, sa te fè l pèdi souf.

参见章节 复制




2 Kwonik 9:4
22 交叉引用  

Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li ak kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l bweson, ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Senyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl tèlman li te sezi.


Salomon ba yo mesay sa a pou yo pote bay Iram:


— Ou konnen ak lagè David, papa m, te genyen ak peyi ki toupre l yo, li pat kapab bati yon kay kote pou yo adore Senyè a, Bondye li a, toutotan Senyè a pat fè l kraze lènmi l yo anba pye l.


Lèfini, pou l te fè wa peyi Lasiri a plezi, li wete platfòm yo te bati anndan Tanp lan pou jou repo a. Li fè fèmen pòt deyò a kote wa a te konn pase pou antre nan Tanp lan.


Jouk jounen jòdi a se yo k'ap fè pòs nan Pòtay Wa ki bay sou bò solèy leve a, kote pou wa a pase a. Nan tan lontan, se yo menm ki te konn fè pòs nan Pòtay Kay moun Levi yo.


Li wè wa a te kanpe bò gwo poto a, bò pòtay pou antre nan Tanp lan, chèf yo ak tout mizisyen yo bò kote l. Tout pèp la te kontan, yo t'ap kònen twonpèt. Sanba yo ak enstriman mizik yo t'ap voye chante. Kè Atali kase, li chire rad sou li, li pran rele: — Men yo moute yon konplo sou do m.


Larenn peyi Saba a wè jan Salomon te gen anpil bon konprann. Li wè palè li te bati a.


Li di wa Salomon konsa: — Sa m te tande nan peyi m sou ou ak sou bon konprann ou an, se te vre!


Aa Senyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè, mwen menm, Sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi gen krentif pou ou! Tanpri, Senyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jodi a. Fè lanperè a resevwa mwen byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz lanperè a.


Senyè, kè m fè m mal tèlman m'ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou.


Senyè, prese vin reponn mwen. Mwen pa kapab ankò! Pa vire do ban mwen. Si ou fè sa, m'ap tankou moun ki desann nan peyi kote mò yo ye a.


Vin manje manje mwen an non! Vin bwè bon diven mwen pare a non!


Nou menm, medam Jerizalèm yo, Tanpri, tanpri souple! Si nou kontre mennaj mwen, di li, Di li pou mwen: mwen malad damou!


Tansèlman, wa a gendwa vin chita la pou li manje pòsyon pa l nan manje ofrann lan devan m. L'a pase nan pòt ki nan gwo pyès nan bout koridò a pou l antre. Se la l'a sòti tou.


Wa a va sòti nan gwo lakou deyò a, l'a antre nan gwo chanm ki nan bout koridò a, l'a kanpe bò poto pòtay yo. Prèt yo menm va boule ofrann ki pou boule nèt yo. Y'a fè ofrann pou di Bondye mèsi yo. Se la, bò pòtay la, wa a va mete ajenou pou adore Bondye. Apre sa, l'a sòti. Pòtay la va ret louvri jouk aswè.


Se moun k'ap sèvi ou mwen ye, mèt. Ki jan mwen ka pale ak ou? M pa gen fòs ankò, m pèdi souf mwen.


Malgre sa, m'ap di nou sa, wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, pat gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo.


L'ap bon nèt pou domestik sa yo lè mèt la p'ap jwenn yo ap dòmi! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Mèt la va twouse ponyèt li, l'ap fè domestik yo chita sou tab, la vin sèvi yo.


Lè mwen wè l, mwen tonbe nan pye l tankou yon moun ki mouri. Li mete men dwat li sou mwen, li di m konsa: — Ou pa bezwen pè! Se mwen ki premye, se mwen ki dènye.


Koute. Men mwen kanpe la devan pòt la, m'ap frape. Si yon moun tande vwa m, si l louvri pòt la ban mwen, m'a antre lakay li, m'a manje ansanm avè l, l'a manje ansanm avèk mwen.


跟着我们:

广告


广告