Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li, kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l bweson ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Senyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl sitèlman li te sezi.
Gade ki jan flè raje yo pouse: yo pa travay, yo pa fè rad. Men, m'ap di nou sa: Wa Salomon ki wa Salomon, ak tout richès li yo, li pat gen bèl rad tankou yonn nan flè sa yo.
Lè Banabas rive, li wè ki jan Bondye t'ap beni disip yo. Li pat manke kontan, li t'ap ankouraje yo pou yo tout te kenbe fèm ak tout kè yo nan sèvis Senyè a san dekouraje.