Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 9:1 - 1998 Haïtienne

1 Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l sonde konesans Salomon avèk kèk kèsyon difisil. Se konsa, li mennen anpil moun avè l ak anpil chamo chaje odè, fèy santi bon, kantite lò ak pyè koute chè. Lè li rive devan Salomon, li poze l tout kalite kèsyon li te fè lide mande l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, depi rèn Séba te tande afè rekonesans a Salomon an, li te vini Jérusalem pou fè pase Salomon a leprèv avèk kesyon ki te byen difisil. Li te gen yon gran konpanyen moun avèk chamo chaje avèk epis ak yon gran kantite lò, avèk pyè presye. Lè li te rive kote Salomon, li te pale avèk li selon tout sa ki te nan kè li.

参见章节 复制




2 Kwonik 9:1
23 交叉引用  

Obal, Abimayèl, Seba,


Kouch te fè senk pitit gason: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Rama menm te gen de pitit gason: Seba ak Dedan.


Joksan te papa Seba ak Dedan. Men pitit Dedan yo: Se te moun Achou yo, moun Letouch yo ak moun Lemou yo.


Li te gen plis bon konprann pase tout moun, pase Etan, moun lavil Ezrak, pase Eman, Kalkòl ak Dada, pitit gason Makòl yo. Nan tout peyi ki toupre peyi Izrayèl la yo t'ap nonmen non Salomon.


Salomon, pitit wa David, chita otorite gouvènman li. Senyè Bondye li a te kanpe avèk li. Li te ba li anpil pouvwa.


Men anplis sa, m'ap ba ou richès, byen ak lwanj pase tout wa ki te la anvan ou, pase tout wa k'ap vin apre ou.


Salomon menm reponn tout kèsyon l yo. Pat gen anyen ki te twò difisil pou li reponn.


Larenn Saba a fè wa a kado twa tòn edmi lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Pat janm rive gen nan pèyi Izrayèl la kantite fèy santi bon tankou sa larenn Saba a te bay wa Salomon lè sa a.


(3) M'ap louvri kè m bay Bondye, m'ap rakonte l mizè mwen.


(5) M'ap louvri zòrèy mwen pou m tande parabòl la. Mwen pral esplike l ban nou antan m'ap jwe mizik.


Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li.


Se pou wa a viv lontan! Y'a ba li lò ki sòti nan peyi Saba. Y'a toujou lapriyè pou li. Y'a mande pou Bondye beni li chak jou.


Mwen pral pale ak nou, pou m fè nou konnen sa ki te pase nan tan lontan,


konsa, y'a ka konprann sans tout pwovèb ak tout parabòl, sans tout pawòl k'ap sòti nan bouch moun ki gen bon konprann yo ak koze tout moun pa ka konprann.


Y'ap ban nou kantite chamo ki sòti peyi Madyan ak peyi Efa. Nou p'ap konnen kote pou n mete yo. Moun ap sòti peyi Saba, chaje lò ak lansan. Y'ap pwonmennen fè lwanj Senyè a toupatou.


Bann vèmin! nou twò mechan. Bon pawòl pa ka sòti nan bouch nou. Sa ki nan kè yon moun, se sa ki sòti nan bouch li.


Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, l'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te sòti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l te vin tande bèl pawòl bon konprann Salomon yo. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Salomon.


Jezi reponn yo: — Nou menm, Bondye fè nou favè sa a pou nou konnen sekrè Peyi Wa ki nan syèl la. Men yo menm, yo pa resevwa favè sa a.


Sa te pase konsa pou pawòl pwofèt la te ka rive vre: Se parabòl m'ap ba yo. M'a fè yo konnen bagay ki te kache depi anvan Bondye te kreye latè.


Yo antre nan kay la, yo wè ti pitit la ansanm ak Mari, manman li. Yo mete ajenou devan l, yo adore l. Apre sa, yo louvri sak yo, yo ba li anpil kado: te gen lò, lansan ak lami.


Jou jijman an, larenn peyi ki nan sid la va leve kanpe, l'a fè yo kondannen moun alèkile yo. Paske, li te sòti byen lwen, jouk nan dènye bout latè, pou l te vin tande pawòl bon konprann wa Salomon yo. Men isit la, gen bagay ki pi konsekan pase wa Salomon.


Ana reponn li: — Se pa sou mwen sou non, mèt! Mwen pa goute ni diven ni okenn lòt bweson. Se nan gwo lapenn mwen ye. Se louvri m'ap louvri kè m bay Senyè a. Se rakonte m'ap rakonte Senyè a lapenn mwen.


跟着我们:

广告


广告