3 Apre sa, l'al atake lavil Amat nan Zoba, li pran li.
3 Epi Salomon te ale kote Hamath-Tsoba e te kaptire li.
Apre sa, li bat Adadezè, pitit gason Reyòb, wa peyi Zoba a, ki t'ap mache pran zòn ki sou anwo larivyè Lefrat la.
Tout rès istwa Jewoboram lan, tou sa li fè, jan li te vanyan sòlda lè li t'ap fè lagè, jan li te fè lavil Damas ak lavil Amat sòti anba men moun Jida yo tounen anba otorite wa Izrayèl la, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa Izrayèl yo.
Kote wa lavil Amak la, wa lavil Apad la, wa lavil Sefarayim lan, wa lavil Ena a ak wa lavil Iva a?
Apre sa, li bat Adadezè, wa peyi Zoba a, ki t'ap mache pran zòn ki sou anwo larivyè Lefrat la.
Li rebati tout lavil wa Iram te ba li, li voye moun pèp Izrayèl al rete ladan yo.
Li rebati lavil Tadmò nan dezè a ansanm ak tout lavil nan zòn Amat la pou sevi depo pwovizyon.
Se konsa mesye yo moute, y'al chache konnen tout bagay ki gen nan peyi a, depi dezè Zin ki nan sid peyi a rive jouk Reyòb toupre pas Amat la, nan nò.
Antan nou la, n'a trase yon liny dwat ankò jouk nou rive nan Pas Amat la, ale pi lwen toujou jouk nou rive Zedad.