Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 7:9 - 1998 Haïtienne

9 Yo pase sèt jou ap fè sèvis pou mete lotèl la apa pou sèvis Bondye, lèfini yo pase sèt jou ankò ap fè fèt. Sou uityèm jou fèt la, yo fè yon gwo sèvis pou fèmen seremoni an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Nan uityèm jou a, yo te kenbe yon asanble solanèl pou obsève dedikasyon lotèl la. Yo te obsève l pou sèt jou, e fèt la pandan sèt jou.

参见章节 复制




2 Kwonik 7:9
10 交叉引用  

Pandan Fèt Joupa yo nan mwa Etanim lan, setyèm mwa nan kalandriye jwif yo, tout pèp Izrayèl la reyini ansanm ak wa Salomon.


Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete Fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te sòti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete fèt la pandan sèt jou. Lèfini, yo fete pandan sèt jou ankò. Sa te fè antou katòz jou.


Apre sa, tout pèp la tonbe dakò pou yo pase sèt lòt jou ankò ap fè fèt. Se konsa, yo fete pou sèt lòt jou ankò ak kè kontan.


Nan denmen, ki vle di nan venntwazyèm jou setyèm mwa a, Salomon voye tout moun tounen lakay yo. Yo tout t'ap fè fèt, y'al lakay yo ak kè kontan, paske sa te fè yo plezi pou wè tou sa Senyè a te fè pou David, pou Salomon ak pou pèp Izrayèl li a.


Yo pase sèt jou ap fete. Chak jou, depi premye jou a jouk dènye jou a, yo t'ap li nan liv lalwa Bondye a. Sou uityèm jou a, yo fè yon gwo reyinyon pou fèmen fèt la jan regleman an mande l la.


Pandan sèt jou, w'a fè ofrann bèt pou peche yo fè san yo pa konnen an sou lotèl la. Konsa w'a mete lotèl la apa pou sèvis Bondye a. Konsa, lotèl la va apa nèt pou Bondye. Tout moun ki va manyen lotèl la, ak tout bagay ki va an kontak ak lotèl la va tounen bagay yo mete apa pou Bondye tou.


Bay lòd pou yo fè jèn! Rele tout moun vini! Sanble tout chèf yo ansanm ak tout moun ki rete nan peyi a, nan kay Senyè a, Bondye nou an. Rele nan pye Senyè a.


Chak jou, pandan sèt jou, n'a boule ofrann nan dife pou Senyè a. Sou uityèm jou a, n'a reyini moun yo ankò pou adore Bondye, epi n'a boule ofrann nan dife pou Senyè a. Se va yon jou pou adore Bondye. Jou sa a, piga nou fè gwo travay.


Chèf yo te fè lòt ofrann pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou konsakre li bay Bondye a. Yo mete ofrann yo devan lotèl la.


Pandan sis jou, n'a manje pen fèt san ledven. Sou setyèm jou a, n'a reyini tout moun pou fè gwo sèvis pou Senyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè okenn travay.


跟着我们:

广告


广告