Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 7:8 - 1998 Haïtienne

8 Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te sòti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Konsa, Salomon te obsève fèt la nan tan sa a pandan sèt jou e tout Israël avèk li; yon trè gran asanble ki te sòti depi nan antre Hamath jis rive nan flèv Égypte la.

参见章节 复制




2 Kwonik 7:8
19 交叉引用  

Se jou sa a Senyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l konsa: — M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la.


Pandan Fèt Joupa yo nan mwa Etanim lan, setyèm mwa nan kalandriye jwif yo, tout pèp Izrayèl la reyini ansanm ak wa Salomon.


Lè sa a, Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la fete Fèt Joupa yo pandan sèt jou. Foul moun te sòti depi Pas Amat la nan nò jouk sou fontyè ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete fèt la pandan sèt jou. Lèfini, yo fete pandan sèt jou ankò. Sa te fè antou katòz jou.


Se konsa, yon pakèt moun sanble lavil Jerizalèm nan dezyèm mwa a, pou yo fete fèt Pen san ledven yo.


Se te gwo fèt nan lavil Jerizalèm, paske depi sou reny Salomon, pitit David, wa pèp Izrayèl la, pat janm gen bagay konsa lavil Jerizalèm.


Pandan fèt Joupa yo, nan setyèm mwa a, tout pèp Izrayèl la reyini ansanm ak wa Salomon.


Pou fèt Joupa yo, ki konmanse nan kenzyèm jou setyèm mwa a, wa a va fè menm bagay la tou chak jou, pandan sèt jou: ofrann pou mande Bondye padon, ofrann bèt pou boule nèt yo, ofrann grenn jaden yo ak ofrann lwil oliv yo.


Sou bò solèy kouche a, se lanmè Mediterane a k'ap sèvi yo fontyè moute rive sou yon bòn ki sou bò solèy kouche lavil Amat.


Men sa Senyè a, li menm ki Bondye ki gen tout pouvwa a, di: Nou menm, moun Izrayèl, m'ap fè yon nasyon leve dèyè nou. Wi, se mwen mim menm k'ap fè sa, yon nasyon k'ap pran peyi a nan men nou, yon nasyon ki pral peze nou depi nan pas Amat nan nò rive jouk ravin Araba nan sid.


Jou fèt Joupa jwif yo te pre rive.


跟着我们:

广告


广告