2 Kwonik 7:7 - 1998 Haïtienne7 Menm jou sa a, Salomon mete mitan gwo lakou ki devan Tanp Senyè a apa pou Bondye. Lèfini, se la li ofri bèt pou boule nèt pou Senyè a, ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon, paske lotèl kwiv Salomon te fè fè a te twò piti pou pran tout ofrann bèt yo te touye pou boule nèt pou Senyè a, grenn jaden yo ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen7 Salomon te konsakre mitan lakou ki te devan kay SENYÈ a pou fè l sen. Paske la, li te ofri ofrann brile ak grès ofrann lapè yo akoz lotèl an bwonz ke Salomon te fè a pa t kab kenbe ofrann brile a, ofrann sereyal la ak grès la. 参见章节 |
Men tou sa nou va ofri bay Senyè a lè n'ap fè gwo fèt nou dwe fè pou li yo, apa ofrann n'ap fè paske nou te pran angajman pou nou te fè yo, ou ankò ofrann n'ap fè paske nou rete konsa nou vle fè l, mete sou bèt n'ap ofri pou boule nèt nan dife pou Bondye, sou ofrann grenn jaden ak ofrann bwason yo, ak sou ofrann nou fè pou di Bondye mèsi.