2 Kwonik 7:6 - 1998 Haïtienne6 Prèt yo rete nan plas yo ba yo nan Tanp lan. Devan yo, se moun Levi yo ki t'ap fè lwanj Senyè a ak enstriman mizik wa David te fè fè pou jwe pandan y'ap chante chante ki di: Non, Li p'ap janm sispann renmen nou! Prèt yo t'ap kònen twonpèt. Tout pèp Izrayèl la te rete kanpe. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen6 Prèt yo te kanpe nan pòs pa yo, e Levit yo tou avèk enstriman mizik a SENYÈ a, ke Wa David te fè pou bay lwanj a SENYÈ a lè David te bay lwanj sèvis yo. E yo te di, “Paske lanmou dous Li a dire pou tout tan”. Konsa, prèt yo te soufle twonpèt devan yo, epi tout Israël te kanpe. 参见章节 |
Jeojada mete gad pou fè faksyon devan Tanp Senyè a, anba otorite prèt yo ak moun Levi yo ki te reskonsab travay nan Tanp lan. Chak prèt ak chak moun Levi te gen jou pa yo David te ba yo pou yo te pran sevis pou boule nèt ofrann pou Senyè a, dapre lalwa Moyiz la. Se yo menm tou ki te reskonsab voye chante kè kontan jan David te moutre l la.
Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Senyè a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nyaj la plen Tanp Senyè a nèt.