Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 7:5 - 1998 Haïtienne

5 Wa Salomon ofri venndemil towo ak sanvenmil mouton pou mande Bondye padon. Se konsa, wa a, ansanm ak moun pèp Izrayèl yo mete Tanp lan apa pou Senyè a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Wa Salomon te ofri yon sakrifis a venn-de-mil bèf ak san-ven-mil mouton. Konsa, wa a avèk tout pèp la te dedye kay Bondye a.

参见章节 复制




2 Kwonik 7:5
16 交叉引用  

Nan denmen, yo ofri bèt pou yo touye pou Senyè a, yo boule kèk bèt nèt pou Senyè a: antou mil (1.000) ti towo bèf, mil (1.000) belye mouton, mil (1.000) jenn ti mouton ak ofrann diven ki fèt pou mache ak yo. Yo touye yon pakèt lòt bèt yo tè ofri bay Bondye pou pèp Izrayèl la.


Devan Tant Randevou Senyè a, Salomon moute sou lotèl kwiv la, li touye mil bèt li fè boule nèt sou lotèl la.


Jou sa a, yo pran sètsan (700) bèf ak sètmil (7.000) mouton nan tou sa yo te pran nan men lènmi yo, yo touye yo pou Senyè a.


Mwen pral bati yon tanp pou Senyè a, Bondye mwen an. Se pral yon kay n'ap mete apa pou li, kote n'a boule lansan pou li, kote n'a toujou mete devan l pen y'ap ofri l yo, kote chak maten chak aswè y'a ofri bèt pou yo boule nèt pou li lè jou repo yo, lè lalin nouvèl, ak lè lòt fèt nou fete pou Senyè a, Bondye nou an, jan li te bay pou yo toujou fè l nan peyi Izrayèl.


Ezekyas, wa peyi Jida a, te bay mil (1.000) towo bèf ak sètmil (7.000) mouton pou yo bay pèp la manje. Lòt otorite yo menm bò pa yo te bay mil towo bèf ak dimil mouton. Anpil prèt te mete tèt yo nan kondisyon pou sèvis Senyè a.


Wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl la sanble devan Bwat Kontra a. Yo touye bèf, kabrit ak mouton ankantite pou Bondye. Moun pa te ka konte konbe bèt yo te touye jou sa a, tèlman yo te anpil.


Apre sa, wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl ki te la a ofri bèt pou yo touye pou Senyè a.


Prèt yo rete nan plas yo ba yo nan Tanp lan. Devan yo, se moun Levi yo ki t'ap fè lwanj Senyè a ak enstriman mizik wa David te fè fè pou jwe pandan y'ap chante chante ki di: Non, Li p'ap janm sispann renmen nou! Prèt yo t'ap kònen twonpèt. Tout pèp Izrayèl la te rete kanpe.


Se devwa wa a pou li bay bèt pou yo boule nèt, grenn jaden, ak diven pou yo ofri pou tout pèp Izrayèl la pou fèt lalin nouvèl yo, pou jou repo m yo ak pou tout lòt fèt yo. Se li ki pou bay ofrann pou mande Bondye padon, ofrann grenn jaden, ofrann pou yo boule nèt ak ofrann pou di mèsi, pou Bondye ka wete peche pèp Izrayèl la.


Eske Senyè a ap kontan si m pote ba li mil belye mouton ak di mil barik lwil? Eske m'a ofri premye pitit gason m lan pou m peye pou sa m fè ki mal? Eske mwen ka pran sa ki sòti nan zantray mwen pou m bay pou kouvri peche mwen?


Chèf yo te fè lòt ofrann pou lotèl la, jou yo t'ap vide lwil sou li pou konsakre li bay Bondye a. Yo mete ofrann yo devan lotèl la.


Se te nan mitan sezon fredi. Yo t'ap fete fèt Dedikas la nan lavil Jerizalèm.


跟着我们:

广告


广告