2 Kwonik 7:3 - 1998 Haïtienne3 Lè tout moun pèp Izrayèl yo wè dife desann soti nan syèl la ak bèl limyè prezans Senyè a ki klere tout anndan Tanp lan, yo mete ajenou, yo bese tèt jouk fon yo touche tè, yo adore Bondye, yo fè lwanj Senyè a, yo di li mèsi paske li bon, paske li p'ap janm sispann renmen yo. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen3 Tout fis Israël yo, lè yo te wè dife a desann, e glwa SENYÈ a sou kay la, yo te bese ba sou pave a avèk figi yo atè pou yo te adore e te bay lwanj a SENYÈ a. Yo te di: “Konsa Li bon, paske lanmou dous Li a dire pou tout tan,” 参见章节 |
Lè tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kònen twonpèt, pou yo chante fè lwanj Bondye, pou di li mèsi, nan mitan bèl mizik yo t'ap jwe nan twonpèt ak senbal ak lòt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Senyè a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lè sa a, nyaj la plen Tanp Senyè a nèt.
vwa moun k'ap pran plezi yo, moun ki gen kè kontan. Y'a tande mizik pou moun k'ap marye yo. Y'a tande moun k'ap chante lè y'ap pote ofrann pou di Bondye mèsi nan Tanp Senyè a. Y'a di: Lwanj pou Senyè ki gen tout pouvwa a paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Wi, m'ap fè peyi a kanpe ankò jan l te ye anvan an. Se Senyè a ki di sa.