Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 7:12 - 1998 Haïtienne

12 Senyè a fè Salomon wè l ankò yon jou lannwit. Li di l konsa: — Mwen tande lapriyè ou fè nan pye m. M chwazi kay sa a pou sèvi kote pou yo vin touye bèt pou mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Konsa, SENYÈ a te parèt a Salomon nan nwit lan. Li te di l: “Mwen te tande lapriyè ou a, e Mwen te chwazi plas sa a pou Mwen menm kòm yon kay sakrifis.

参见章节 复制




2 Kwonik 7:12
17 交叉引用  

Lè Abram rive sou katrevendisnevan laj, Senyè a parèt devan l, li di l konsa: — Mwen se Bondye ki gen tout pouvwa a. Se pou ou toujou fè sa m di ou fè. Se pou ou mennen yon lavi san repwòch.


Senyè a te fè Salomon wè l ankò, menm jan li te fè l wè l lavil Gabawon an.


Apre sa, Eli di Elize: — Kounyeya ou mèt rete isit la tande, paske Senyè a ban m lòd pou mal bò larivyè Jouden. Men, Elize reponn li: — Mwen pran ou menm ansanm ak Senyè ki vivan an pou temwen, mwen p'ap kite ou ale pou kont ou. Se konsa yo pati ansanm ankò.


— Tounen al jwenn Ezekyas, chèf pèp mwen an. W'a di l pou mwen. Men sa Senyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou. Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal, m'ap geri ou. Nan twa jou w'ap kanpe, ou pral nan Tanp Senyè a.


Li te fè yon estati Achera, zidòl fanm lan, li mete l nan Tanp lan, atout Senyè a te pale ak David ansanm ak Salomon sou Tanp lan. Li te di yo: Se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen.


Jou lannwit sa a, Bondye parèt devan Salomon, li di l konsa: — Mande m sa ou vle, m'ap ba ou li.


Depi jòdi a, mwen chwazi kay sa a, mwen mete l apa pou mwen. Se la pou yo fè sèvis pou mwen. M'ap veye l, m'ap pwoteje l chak jou.


Senyè, wa koute moun ki soumèt devan ou lè y'ap lapriyè. W'a ba yo kouray.


Men Bondye te koute sa m t'ap di l la, li te tande m lè m t'ap lapriyè.


Lè sa a, ofrann moun peyi Jida yo ak ofrann moun lavil Jerizalèm yo va fè Senyè a plezi, jan sa te konn ye nan tan lontan, depi nan konmansman.


Men zanj lan di li: — Pa pè, Zakari. Bondye te tande lapriyè ou la. Elizabèt, madanm ou, pral ba ou yon pitit gason. Ou va rele l Jan.


Epi l di mwen: Kònèy, Bondye tande lapriyè ou, li chonje tout byen ou fè pou pòv yo.


Wi, Senyè Bondye nou an va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt pou Senyè a, lòt bèt n'a ofri ba li, ladim nou yo, lèt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' bay Senyè a.


跟着我们:

广告


广告