Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 7:1 - 1998 Haïtienne

1 Lè wa Salomon fin fè lapriyè sa a, dife desann soti nan syèl la, li boule bèt yo ofri sou lotèl la ak lòt pòsyon vyann yo ofri yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, lè Salomon te fin fè priyè a, dife a te sòti nan syèl la pou te boule ofrann brile a avèk sakrifis yo; e glwa a SENYÈ a te ranpli kay la.

参见章节 复制




2 Kwonik 7:1
26 交叉引用  

Apre solèy fin kouche, te fè nwa anpil. Epi men li, yon recho ki t'ap fè lafimen ansanm ak yon gwo bwa dife tou limen parèt. Yo pase nan mitan moso vyann bèt yo.


Y'a rele bondye yo a. Mwen menm, m'a rele Senyè a. Sa ki va voye dife pou reponn lan se li ki Bondye. Tout pèp la reponn: — Nou dakò!


Senyè a voye dife sòti nan syèl la, li boule ofrann lan, bwa yo, wòch yo ak anplasman kote lotèl la te ye a, li fè tout dlo ki te nan kannal la cheche.


Lè wa Salomon fin bati Tanp Senyè a, palè wa a ak tout lòt bagay li te gen lide fè yo,


Lèfini, li bati yon lotèl pou Senyè a, li fè ofrann bèt boule pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi. Li lapriyè nan pye Senyè a. Senyè a reponn li, li voye dife sòti nan syèl la pou boule ofrann ki sou lotèl la.


Senyè, mwen renmen kay kote ou rete a, kay kote pouvwa ou ye a.


Tout mòn Sinayi a te kouvri nèt ak lafimen, paske Senyè a te desann sou li nan mitan yon gwo dife. Lafimen t'ap moute tankou nan yon fou lacho. Tout mòn lan t'ap tranble avèk fòs.


Se la m'ap kontre pèp Izrayèl la. Avèk pouvwa mwen, m'ap mete kote sa a apa pou mwen.


Anvan menm yo fin lapriyè, m'ap gentan reponn yo. Anvan menm yo fèmen bouch yo, m'ap gentan ba yo sa yo mande a.


Se konsa Lespri a leve m', li mennen mwen sou anndan bèlantre a kote mwen wè gwo limyè prezans Senyè a. Prezans lan te plen tout anndan Tanp lan nèt.


Apre sa, nonm lan fè m sòti nan pòtay nò a. Rive devan Tanp lan, mwen leve je m gade, mwen wè Tanp Senyè a te klere nèt ak gwo limyè prezans Senyè a. Mwen lage kò m atè sou fas.


Mwen t'ap pale toujou nan lapriyè a, mwen t'ap rekonèt peche m yo ak peche pèp Izrayèl la, pèp mwen an devan Bondye. Mwen t'ap mande Senyè a, Bondye mwen an, gras mizèrikòd pou mòn ki apa pou li a.


Lè sa a, ofrann moun peyi Jida yo ak ofrann moun lavil Jerizalèm yo va fè Senyè a plezi, jan sa te konn ye nan tan lontan, depi nan konmansman.


Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon.


Lavil la pat bezwen ni solèy, ni lalin pou klere l paske limyè prezans Bondye a te klere l nèt, ti Mouton an te tankou yon lanp pou li.


Zanj Senyè a leve baton ki te nan men l lan, li lonje l, li manyen vyann lan ak pen yo ak pwent baton an. Yon dife sòti nan wòch la, li boule tout vyann lan ak pen yo. Epi, lamenm zanj Senyè a disparèt devan li.


跟着我们:

广告


广告