Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 5:2 - 1998 Haïtienne

2 Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp Izrayèl la sanble devan l lavil Jerizalèm pou y'al pran Bwat Kontra Senyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l nan Tanp lan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Apre, Salomon te rasanble nan Jérusalem ansyen Israël yo, ak tout chèf a tribi yo, chèf lakay papa zansèt a fis Israël yo, pou mennen fè monte lach SENYÈ a sòti andeyò vil David la, ki se Sion.

参见章节 复制




2 Kwonik 5:2
21 交叉引用  

Men, David pran gwo fò ki te sou tèt mòn Siyon an. Se li yo rele lavil David la.


Lè David tande jan Senyè a te beni Obèdedon ak tout moun lakay li, jan zafè l t'ap mache byen poutèt Bwat Kontra a, David pati, l'ale kay Obèdedon, li pran Bwat Kontra Senyè a pou pote l nan Lavil David la avèk gwo seremoni sou tout wout la.


David fè yo bati anpil kay pou li nan lavil David la. Li pare yon anplasman pou Bwat Kontra Bondye a, li moute yon gwo tant twal pou li.


Li di yo: — Se nou menm ki chèf branch fanmi Levi yo. Mete nou nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, nou menm ansanm ak tout moun nan fanmi nou, pou nou ka al pote Bwat Kontra Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, kote mwen fè pare pou li a.


Se konsa David ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf rejiman mil sòlda yo ale lakay Obèd-Edon, yo pran Bwat Kontra a pou yo pote l lavil Jerizalèm ak kè kontan.


Lèfini, li reyini tout pèp Izrayèl la lavil Jerizalèm pou yo pote Bwat Kontra a kote li te pare pou li a.


Yo pote Bwat Kontra Senyè a, yo mete l nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, yo ofri bèt pou boule nèt pou Bondye, ak ofrann pou di Bondye mèsi.


Tankou moun fanmi Arawon yo, yo menm tou, yo fè tirajosò devan wa David, devan Zadòk ak Akimelèk, devan chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo, pou yo separe travay la bay chak moun pa yo, depi sou fanmi chèf yo rive sou fanmi pi piti ladan yo, san patipri.


Se konsa, Chemaja, pitit Netaneyèl, yonn nan moun Levi yo, ki te sekretè, te make non yo nan rejis devan wa a, devan chèf yo, devan Zadòk, prèt la, devan Akimelèk, pitit Abyata, ak devan tout chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo. Yo fè tirajosò sou chak de moun Elyaza pou yon moun Itama.


Se Chelomit sa a ansanm ak fanmi l yo ki te reskonsab depo tout bagay wa David, chèf fanmi yo, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo ak tout lòt gwo chèf nan lame a te mete apa pou Senyè a.


David mande pou tout otorite peyi Izrayèl la reyini lavil Jerizalèm. Se konsa tout chèf branch fanmi yo, tout chèf gwoup ki te reskonsab dirije peyi a pou wa a, tout kòmandan rejiman mil sòlda yo ak kòmandan divizyon san sòlda yo, jeran tout tè ak gadò tout bèt ki pou wa a ak pou pitit li yo, moun konfyans li yo, chèf lame li yo ak tout vanyan sòlda li yo, yo tout reyini lavil Jerizalèm.


Men, David te fè yo pran Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jearim pou yo pote l moute lavil Jerizalèm. Depi lè sa a, li te anba yon tant wa David te fè pou li.


Lè wa Salomon te fin fè travay bati Tanp Senyè a, li fè yo pote tout ajan, tout lò ansanm ak tout lòt bagay David, papa l, te ofri bay Senyè a. Li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan.


Tout moun Levi ki te sanba yo, depi Asaf, Eyman ak Jedoutoun jouk tout pitit yo ak lòt fanmi yo, te kanpe sou bò soley leve lotèl la ak rad blan sou yo. Yo te gen senbal, bandjo, gita. Lèfini, te gen sanven (120) prèt bò kote yo ki t'ap kònen twonpèt.


Li di: — Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an.


Li renmen lavil Jerizalèm pi plis pase tout lòt kote nan peyi Jakòb la.


Se konsa yo pran tou sa Moyiz te ba yo lòd pran an. Yo mennen yo devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, tout pèp la nèt sanble menm kote a, yo rete kanpe devan Senyè a.


Se konsa, pèp la leve li pati, li kite mòn Sinayi a, mòn Senyè a, yo mache twa jou. Epi Bwat Kontra Senyè a pran devan yo tout pou chache yon kote pou yo moute tant yo.


Lè Bwat Kontra a kanpe, Moyiz di: — Tounen non, Senyè! Vin rete nan mitan tout lame moun pèp Izrayèl yo!


跟着我们:

广告


广告