Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 4:7 - 1998 Haïtienne

7 Salomon fè fè dis gwo lanp lò sèt branch, dapre jan pou yo te fè yo a. Li mete yo nan Tanp lan, senk sou bò gòch, senk bò dwat.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Li te fè dis chandelye an lò selon òdonans ki te etabli yo e li te plase yo nan tanp lan, senk sou bò dwat la e senk sou bò goch la.

参见章节 复制




2 Kwonik 4:7
13 交叉引用  

Li mete senk kabwa sou bò sid Tanp lan, lòt senk yo sou bò nò. Gwo basin kwiv la menm, li mete l sou bò dwat Tanp lan nan kwen sidès la.


dis lanp sèt branch pou ranje devan pyès yo mete apa nèt pou Senyè a, senk sou bò dwat, senk sou bò gòch, flè yo, ti lanp yo ak pensèt pou lanp sèt branch yo,


Li ba li plan tout bagay li te gen nan tèt li pou lakou Tanp yo, pou tout chanm ki bay sou lakou yo, pou depo veso yo sèvi nan Tanp lan ak pou depo bagay yo ofri pou mete apa pou Senyè a.


Li di li konbe ajan ak lò la bezwen pou fè veso yo,


pou chak lanp pou chak gwo lanp sèt branch fèt ak lajan osinon ak lò ak pèz yo chak dwe genyen dapre sèvis yo,


David di li: — Tout plan travay la ekri an detay nan yon liv dapre lòd Senyè a menm te ban mwen. Li esplike m tou sa pou m fè.


Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: — Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.


Nan sèvis prèt sa yo ap fè nan tanp ki sou latè a, se kopye y'ap kopye sou sa k'ap fèt nan syèl la. Sa y'ap fè a ou ta di se lonbray sa k'ap fèt nan syèl la. Se konsa sa te ye pou Moyiz tou. Lè Moyiz ta pral moute tant lan, Bondye di li: Gade byen pou ou ka fè tout bagay dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.


Men sans kache sèt zetwal ou wè nan men dwat mwen an, ansanm ak sans sèt gwo lanp sèt branch lò yo. Sèt zetwal yo se zanj sèt legliz yo. Sèt gwo lanp sèt branch yo, se sèt legliz yo.


跟着我们:

广告


广告