Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 4:6 - 1998 Haïtienne

6 Li fè fè dis basin kwiv. Li mete senk sou bò dwat ak senk sou bò gòch. Se la yo te lave vyann bèt yo te gen pou boule sou lotèl la. Prèt yo menm te sèvi ak dlo ki te nan gwo basin nan pou fè twalèt yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Anplis, li te fè dis basen kote pou lave e li te pozisyone senk sou kote dwat la e senk sou kote goch la pou lave bagay pou ofrann brile yo. Men lanmè a te pou prèt yo ta kab lave ladann.

参见章节 复制




2 Kwonik 4:6
16 交叉引用  

Iram te fè dis basin tou, yonn pou chak kabwa. Chak basin te mezire sis pye lajè. Yo chak te kenbe desan galon konsa.


Iram te fè plato pou sann, pèl ak kivèt. Se konsa li te fin fè tout travay Salomon te mande l fè pou Tanp Senyè a.


Li ffè fè ankò yon gwo basin kwiv tou won pou mete dlo. Basin lan te mezire kenz pye lajè ak sèt pye edmi wotè. Lè ou mezire wonn li, li ba ou karannsis pye.


(4) Lave m, foubi m pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m pou efase peche m lan.


W'a fè Arawon ansanm ak pitit gason l yo vanse jouk devan pòt Tant Randevou a. W'a benyen yo nan dlo.


Senyè a di Moyiz konsa:


Nan gwo lakou deyò a te gen yon chanm bò pòtay nò ki mennen nan ti lakou anndan an. Chanm sa a te louvri sou gwo chanm lan ki bay sou gwo lakou a. Se la yo te lave vyann bèt yo te fin touye anvan y'al boule yo nèt sou lotèl la.


Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye yo. Apre sa, prèt yo va ofri yo bay Senyè a. Konsa, l'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se yon sakrifis bèt yo boule nèt pou Senyè a, bon sant li fè li plezi.


Moun k'ap fè ofrann lan va lave tripay yo ak pye yo. Lèfini, prèt yo va ofri yo bay Senyè a. Konsa y'a boule tout ofrann lan nèt sou lotèl la. Se yon sakrifis bèt yo boule nèt pou Senyè a, bon sant li fè Senyè a plezi.


Anpil nan nou, se sa menm nou te ye. Men, kounyeya Bondye mete nou nan kondisyon pou nou sèvi l. Gremesi Jezikri, Senyè a, li mete nou apa pou li, li fè nou gras pa pouvwa Lespri Bondye nou an.


nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an.


Tout bagay sa yo se kopye Moyiz te kopye yo sou bagay tout bon ki nan syèl la. Si se pou yo te mete tout bagay sa yo ki yon senp pòtre bagay tout bon yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye konsa, bagay ki nan syèl la menm mande yon pi gwo kalite ofrann bèt toujou.


Men, si n'ap viv nan limyè menm jan li menm Bondye li nan limyè, lè sa a se tout bon n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Jezi, Pitit Bondye a, va netwaye nou ak san li anba tout peche nou yo.


Mwen reponn li: — Se ou menm ki konnen wi, mèt mwen. Lè sa a, li di mwen: — Se moun ki pase anba gwo pèsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an.


跟着我们:

广告


广告