Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 32:3 - 1998 Haïtienne

3 li reyini tout otorite ak chèf lame l yo, li di yo li fè lide bouche tout sous dlo ki andeyò lavil la. Yo tout dakò.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 li te deside avèk ofisye pa li yo ak gèrye pa li yo, pou koupe kouran dlo ki te ale deyò lavil la, e yo te ede li.

参见章节 复制




2 Kwonik 32:3
13 交叉引用  

Ou konprann ou ka fè lagè ak bèl pawòl ase, san ou pa bezwen lespri ak bon sòlda? Sou ki moun ou apiye pou ou kenbe tèt ak mwen konsa?


Tout rès istwa Ezekyas la, jan li te vanyan sòlda, jan li te bati rezèvwa dlo a ak gwo kannal anba tè pou mennen dlo nan lavil la, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.


Wa a te diskite koze a ak chèf li yo ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm lan: yo deside pou yo fete fèt Delivrans lan nan dezyèm mwa a.


Lè Ezekyas wè Senakerib t'ap pwoche bò lavil Jerizalèm ak lide pou l atake l tou,


Se wa Ezekyas ki te bouche kote dlo sous Giyon an te konn sòti sou anwo a pou fè l pase sou anba bò solèy kouche lavil David la. Tou sa li te vle fè te mache byen.


Yon foul moun reyini vre, yo bouche tout sous dlo yo ansanm ak kannal anba tè ki te konn mennen dlo a byen lwen nan peyi a. Yo t'ap di yo p'ap kite wa peyi Lasiri yo jwenn anpil dlo lè y'a rive isit la.


Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p'ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen.


Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè.


Paske, se pou ou ranje plan ou anvan ou antre nan batay. Plis ou gen moun k'ap ba ou konsèy, plis ou gen chans pou ou genyen batay la.


Ki moun ki ka di Senyè a sa pou li fè? Ki moun ki te ba li konsèy?


Al pran dlo mete la, paske yo pral sènen ou anndan lakay ou. Repare miray fò ou yo! Al bat tè ak pye ou pou fè brik! Pare fòm pou fè brik.


Ki moun ki konnen sa k'ap pase nan tèt Mèt la? Ki moun ki ka ba li konsèy?


跟着我们:

广告


广告