6 Li dekore l ak bèl pyè koute chè. Yo te sèvi ak bon kalite lò ki sòti peyi Pavayim.
6 Anplis, li te dekore kay la avèk pyè presye. Lò a te lò sòti Parvaïm.
Mwen fè sa mwen te kapab fè pou m' prepare materyo pou Tanp lan: lò, lajan, kwiv, fè, bwa, bèl pyè oniks, bèl pyè pou sèvi ganiti, pyè malachit ak tout kalite lòt pyè koulè, tout kalite pyè koute chè ak mab ankantite.
Sa ki te gen bèl pyè koute chè bay yo pou trezò Tanp lan ki te sou kont Jeyèl, yon moun Levi nan fanmi Gèchon an.
Li plake planch bwapen sou tout anndan gwo pyès la. Li kouvri tout bwa yo nèt ak bon lò. Lèfini, li fè yo mete pòtre pye palmis ak ti chenn.
Li kouvri tout anndan Tanp lan ak lò: travès yo, ankadreman pòt yo, palisad yo ak pòt yo menm. Sou tout palisad yo, li fè mete pòtre zanj cheriben.