Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 26:8 - 1998 Haïtienne

8 Moun Amon yo te peye lajan taks bay Ozyas. Yo t'ap nonmen non l jouk sou fontyè peyi Lejip, paske li te vin gen anpil pouvwa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Anplis, Amonit yo te peye taks obligatwa a Ozias, e rekonesans li te rive jis nan lizyè Égypte. Li te vin pwisan anpil.

参见章节 复制




2 Kwonik 26:8
14 交叉引用  

M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. M'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou. W'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.


Pi piti a tou fè yon pitit gason. Li rele l Bennami. Se li menm ki zansèt moun Amon yo ki la jouk jòdi a.


Non David te nan bouch tout moun pi rèd toujou, lè li te fin touye dizwitmil (18.000) moun peyi Edon nan fon Sèl la.


Lèfini li bat moun peyi Mowab yo. Li fè prizonye yo kouche plat atè. Pou chak twa ladan yo, li touye de, li kite yonn vivan. Depi lè sa a moun peyi Mowab yo soumèt devan David nèt. Li fè yo peye taks ba li chak lè.


Li te gen plis bon konprann pase tout moun, pase Etan, moun lavil Ezrak, pase Eman, Kalkòl ak Dada, pitit gason Makòl yo. Nan tout peyi ki toupre peyi Izrayèl la yo t'ap nonmen non Salomon.


Se konsa toupatou yo t'ap nonmen non wa David. Senyè a te fè tout nasyon yo pè li.


Lekontrè, te gen anpil moun Filisti ki te pote anpil kado ak anpil ajan ba li tankou si li te chèf yo. Ata moun peyi Arabi yo te pote sètmil sètsan (7.700) mouton ak sètmil sètsan (7.700) kabrit fè l kado.


Kèk tan apre sa, moun Mowab ak moun Amon mete ansanm ak moun Mawon yo, yo vin atake Jozafa.


Ozyas ranfòse defans lavil Jerizalèm. Li bati gwo fò tou won bò Pòtay Kwen an, bò Pòtay Fon an ak nan yon kwen miray la.


Li fè lagè ak wa peyi Amon an. Li bat li. Lanne sa a, moun peyi Amon yo ba li twamiltwasan (3.300) kilo ajan, senkantmil (50.000) barik ble ak senkantmil barik lòj. Pandan dezan apre sa, yo ba li menm kantite a chak lanne.


Toupatou nan peyi Siri a, se tout moun ki t'ap nonmen non li. Se sa ki fè yo te mennen tout kalite moun malad ba li, ansanm ak tout moun ki soufri doulè, moun ki te gen move lespri sou yo, moun ki soufri malkadi ak moun ki paralize. Jezi geri yo tout.


Ou pral tonbe bab pou bab ak moun Amori yo. Pa chache yo kont. Pa al goumen ak yo paske mwen p'ap ba ou anyen nan peyi Amon an. Se pitit pitit Lòt yo ye. Se mwen menm ki ba yo peyi sa a pou yo rete.


Yon mwa konsa apre bagay sa yo fin pase, Nakach, moun peyi Amon, moute al atake lavil Jabès nan peyi Galarad. Li sènen lavil la. Mesye lavil Jabès yo di Nakach konsa: — Ann siyen yon kontra. N'ap asepte ou pou chèf.


跟着我们:

广告


广告