Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 21:3 - 1998 Haïtienne

3 Papa yo te ba yo chak yon kantite lò, ajan, ak tout kalite lòt bagay ki gen valè. Li mete yo chèf nan gwo lavil ki gen miray ranpa nan peyi Jida a. Men li te mete Joram wa nan plas li, paske Joram te premye pitit gason l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Papa yo te ba yo anpil kado an ajan, lò, avèk bagay presye, avèk vil fòtifye nan Juda, men li te bay wayòm nan a Joram akoz li te premye ne.

参见章节 复制




2 Kwonik 21:3
5 交叉引用  

Men anvan l mouri, li te bay pitit li te fè ak lòt fanm kay yo kèk kado. Apre sa, li fè yo pati, li voye yo byen lwen Izarak, pitit gason l lan, li voye yo nan peyi kote solèy leve a.


Li te fè lide bay chak pitit gason l yo yon reskonsabilite. Se konsa, li voye yo al rete toupatou nan peyi Jida ak nan peyi Benjamen, nan tout lavil li te ranfòse yo, li ba yo povizyon an kantite epi li marye yo ak anpil fanm.


Woboram rete lavil Jerizalèm, li moute ranpa nan anpil lavil peyi Jida pou pwoteje yo.


Senyè sèl Mèt la bay lòd sa a: — Si wa a fè yonn nan pitit li yo kado yon moso nan tè li a, moso tè sa a ap toujou rete pou pitit la. Se va byen eritaj fanmi li.


跟着我们:

广告


广告