Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




2 Kwonik 2:6 - 1998 Haïtienne

6 Lèfini, ki moun ki ka rive bati yon kay vre pou Bondye, si syèl la, atout li gwo a, twò piti pou li? Mwen menm, kisa m ye pou m ta bati yon kay pou li? Se annik yon kote pou m boule lansan pou li m'ap fè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Men se kilès ki kab bati yon kay pou Li, paske syèl yo avèk pi wo syèl yo pa kab kenbe Li? Pou sa, se kilès mwen ye, pou mwen ta dwe bati yon kay pou Li, sof ke pou brile lansan devan L.

参见章节 复制




2 Kwonik 2:6
19 交叉引用  

Apre sa, wa David ale nan tanp lan, li chita devan Senyè a, li di l konsa: — Senyè, Bondye sèl Mèt la, kisa mwen ye, kisa fanmi mwen ye pou ou te fè tou sa ou deja fè pou nou?


Wa Salomon voye chache yon bòs ki te rele Iram tou. Se te yon moun lavil Tir.


Papa Iram te moun lavil Tir tou. Se te yon bòs fò nan travay kwiv. Manman li te moun nan branch fanmi Neftali a. Se te yon vèv. Iram te yon moun ki te gen anpil ladrès, anpil konesans ak bon konprann pou fè tout kalite bagay an kwiv. Se konsa li te vin kay wa a, li fè tout travay li yo.


Men, Bondye, eske ou ka rete tout bon sou latè? Ata sèl la pa laj ase pou li kenbe ou, alewè pou ti kay mwen bati pou ou la a!


Lèfini, w'ap jwenn anpil travayè, kantonye, moun pou taye wòch, chapant, ak anpil moun ki bòs nan tout kalite travay.


Men, kisa m ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo sòti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou.


Se poutèt sa, ban mwen konesans ak bon konprann pou m ka gouvènen pèp sa a. Si se pa sa, mwen pa wè ki jan m'a fè pou m gouvènen pèp ou a ak tout moun sa yo ladan l.


Men, Bondye, eske ou ka rete tout bon sou latè? Ata syèl la twò jis pou li kenbe tout prezans ou, alewè pou ti kay mwen bati pou ou la a!


Moyiz di Bondye: — Ki moun mwen ye menm pou m ta penmèt mwen ale bò kote farawon an pou m fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi Lejip?


pou l travay pyè tankou òfèv yo konn fè a, pou l moute yo sou nenpòt bagay, pou l ka fè desen sou bwa, wi pou l fè tout kalite bon bagay atizan konn fè.


Men sa Senyè a di ankò: — Syèl la, se fòtèy kote mwen chita a. Tè a, se ti ban pou m lonje pye m. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m poze kò m?


Pa gen kote yon moun ka al kache pou m pa wè l. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a? Se Senyè a menm ki di sa.


Pou moun k'ap peri yo, se yon sant lanmò k'ap touye yo. Men, pou moun k'ap sove yo, se yon sant lavi k'ap ba yo lavi. Ki moun ki kapab fè yon travay konsa?


Mwen pi pitit pase moun ki pi pitit nan tout pèp Bondye a. Men atousa, se mwen menm Bondye bay privilèj sa a, pou m fè moun lòt nasyon yo konnen bòn nouvèl richès Kris la, richès moun p'ap janm fin konprann.


Wi, Senyè Bondye nou an va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt pou Senyè a, lòt bèt n'a ofri ba li, ladim nou yo, lèt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' bay Senyè a.


Senyè a pral chwazi yon kote nan pòsyon tè yonn nan branch fanmi nou yo. Se la sèlman n'a ka ofri bèt pou nou boule nèt pou Senyè a, se la n'a fè tou sa li mande pou nou fè a.


Men, n'a pran tout ofrann nou yo ak tout kado nou te pwomèt bay Senyè a, n'a pote yo kote Senyè a te chwazi a.


跟着我们:

广告


广告