2 Kwonik 2:4 - 1998 Haïtienne4 Mwen pral bati yon tanp pou Senyè a, Bondye mwen an. Se pral yon kay n'ap mete apa pou li, kote n'a boule lansan pou li, kote n'a toujou mete devan l pen y'ap ofri l yo, kote chak maten chak aswè y'a ofri bèt pou yo boule nèt pou li lè jou repo yo, lè lalin nouvèl, ak lè lòt fèt nou fete pou Senyè a, Bondye nou an, jan li te bay pou yo toujou fè l nan peyi Izrayèl. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen4 Gade byen, mwen prè pou bati yon kay pou non SENYÈ a, Bondye a, pou l dedye a Li menm, pou brile lansan santi bon devan L, pou plase pen konsakre tout tan e pou ofri ofrann brile ni nan maten, ni nan aswè, nan Saba avèk nouvèl lin ak nan fèt etabli a SENYÈ a, Bondye nou an, sila kòm egzije jis pou tout tan an Israël. 参见章节 |
David t'ap di nan kè l: Salomon, pitit gason m lan, se yon timoun ki poko gen esperyans. Tanp li gen pou l bati pou Senyè a, se li ki pou pi gwo, pi bèl pase dènye tanp, pou toupatou sou latè y'ap pale sou li. Se pou m pare tout bagay kite pou li. Se konsa, anvan li mouri, David pare materyo an kantite kite la pou sa.
Chak maten, chak aswè, y'ap ofri bèt yo boule nèt pou Senyè a ansanm ak lansan. Yo mete pen ki apa pou Bondye yo sou yon tab ki nan kondisyon pou sevis Bondye. Chak aswè, yo limen lanp ki sou gwo lanp sèt branch lan. Nou fè tou sa Senyè a ban nou lòd fè. Men, nou menm moun peyi Izrayèl, nou vire do ba li.
N'a bay tou pen pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann grenn pou chak jou yo, bèt pou yo boule chak jou pou Bondye yo, ofrann pou jou repo yo, pou fèt lalin nouvèl yo, ak pou lòt gwo fèt yo, manje pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann pou wete peche moun pèp Izrayèl yo, ak tout lòt bagay yo ka bezwen pou fè sèvis nan Tanp Bondye nou an.